Nou kontan wap vizite sit wèb : "NOU IZRAYELIT YO" nan paj dakèy tribi Simeyon, dezyèm pitit gason Jakòb. Simeyon ak frè'l Levi, pat sèlman gen menm san, yo te gen tou menm abitid. Revelasyon Jakòb la te mete laperez nan nou. Li fè nou sonje ke Simeyon ak Levi te gen men yo tranpe nan san paske yo touye yon jenonm ki vyole sè yo a. " Jenèz 49: 5-7 "...Yo sèvi ak zam yo pou fè mechanste..." Se sak fè yap toujou dozado, jan nou te remake'l. Levi te nan Sid peyi-a pandan ke Simeyon te nan Nò.
Vizyon nan 2ESDRAS 13:40-48 te pote plis limyè sou moun pèp Izrayèl yo ki kite yon peyi peple ak moun pou yal ateri byen lwen nan yon lòt mond, yon kote lòm pat janm abite, apre yon vwayaj bato ki dire yon ane ak mwatye. Yo te vle lib pou yo adore Gran Mèt la ... Tribi Simeyon te gaye nan tout mond lan. Nou jwenn yo nan Repiblik Dominikèn sou zile Ispanyola ke yo pataje ak tribi Levi yo an Ayiti. Menm kant anpil jefò fèt pou yo rete lwen yonn lòt, yo toujou kontinye pataje menm koutim yo sitou sèvi zidòl ak fè maji.

22 Moun peyi Izrayèl yo pran fè tankou Jewoboram, yo donnen ladan l' san rete. 23 Bout pou bout, Seyè a wete yo nèt devan je l', jan li te voye sèvitè l' yo, pwofèt yo avèti yo a. Se konsa yo depòte moun peyi Izrayèl yo byen lwen nan peyi Lasiri kote yo ye jouk jounen jòdi a.  2WA 17:22-23
MENI