Nou kontan wap visite sit: "NOU IZRAYELIT YO". Nou pran plezi pou nou prezante ou paj dakèy Zabilon. Siyifikasyon nonli se: "Mwen Rete La". Zabilon se 6me, pitit gason Jakòb. Li te fè pati wayòm Nò-a. Prediksyon Jakòb la te klè. JENÈZ 49:13 "Zabilon pral rete bò lanmè..."
Revelasyon nan 2ESDRAS 13:40-48 te bay detay sou Izrayelit yo ki kite yon peyi peple pa (Jentils) moun lòt nasyon pou yo ale nan yon peyi byen lwen, kote moun pat janm rete, apre yon vwayaj bato ki dire lontan, yon ane ak mwatye. Yo te vle libète yo pou yo kapab sèvi Gran Mèt la.
Gaye nan tout mond lan, nou pral jwenn tribi Zabilon an nan nouvo kontinan patikilyèman nan zòn Panama ak Gwatemala nan mitan Maya yo. Tribi Zabilon pataje menm fwa relijye ak Aztèk yo nan peyi Meksik. Se te yon pwen komen ki te pèmèt yo reyini ansanb nan tèt montay la pou yo adore Gran Mèt la kòm te prevwa Moyiz. Kanal Panama a trè siyifikatif lè nou sonje ke Moyiz, nan benediksyon'l yo, te idantifye vwazen Zabilon yo. DE 33:18 "... Nou menm moun Zabilon yo, se pou trafik sou lanmè nou mache byen. Nou menm moun Isaka yo, se pou komès n'ap fè lakay nou mache byen tou ..."

22 Moun peyi Izrayèl yo pran fè tankou Jewoboram, yo donnen ladan l' san rete.
23 Bout pou bout, Seyè a wete yo nèt devan je l', jan li te voye sèvitè l' yo, pwofèt yo avèti yo a. Se konsa yo depòte moun peyi Izrayèl yo byen lwen nan peyi Lasiri kote yo ye jouk jounen jòdi a.   2WA17:22-23
MENI