Nou kontan wap vizite sit "Nou, Izrayelit yo" chapit sèvi zidòl. Gran Mèt la, papa Abraram, Izarak ak Jakòb pa t'l kat chemen pou reklame de nou eksklizivite nan adoration. EX 20:1-3 ak DE 13:1-18. Se konsa, pou li rete an amoni ak nou, li dikte nou lang lan ak mwayen pou nou kominike ak li "Papa nou ..." Mat 6:9-13. Li pa't kapab pli klè. Olye pou yo reponn a apèl li, lòm chwazi depreferans kilti sèvi zidòl ki te karakterize pa eksè. Nou tout konnen ke jeneralman idolatri se adore yon lòt dye olye de Gran Mèt la. Enfraksyon sa-a gen yon pri enòm. Travay 7:43.
Sepandan, pami tout zidòl lòm yo, kwa-a gen plis mistè dayè li se senbòl inyon Paganis ak Krisyanis sou yon fòm sofistike ki depase tout lòt yo.
Apa Advantist 7yèm jou e petèt kèk lòt legliz, an jeneral Legliz Kretyen yo konsidere kwa a kòm yon relik pou fè referans a lanmò Kris, san menm fè yo yon sousi de orijin li ki date tounen nan epòk Amperè Konstanten Legran. Amperè sila, se li ki mete dye solèy la nan mitan nou sou tè a. Se te pou satisfè volonte'l ke otorite Legliz yo te adòpte kilti payen sila ki karakterize pa obsèvasyon jou dimanch lan tankou venerasyon kwa a.
Resansman 15:(37-41)37 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: 38 -Pale ak moun pèp Izrayèl yo. W'a di yo pou mwen: Se pou yo toujou mete ponpon sou woulèt rad yo... 39 Chak fwa n'a wè ponpon sa yo, sa va fè nou chonje tou sa Seyè a te ban nou lòd fè pou nou ka fè yo... 40 Ponpon yo va fè nou chonje tout lòd mwen te ban nou pou nou ka swiv yo, pou nou ka viv apa nèt pou mwen menm ki Bondye nou an. 41 Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an...   LÒT PAJ-LA: HWYH