Nou kontan wè ou sou sit wèb: " NOU, Izrayelit Yo ". Nou pran plezi pou nou prezante ou paj dakèy tribi Asè, 5yèm pitit Jakòb. Asè te fè pati wayòm Nò a. Revelasyon Jakòb la sou Asè konplezan: GE 49:20 "Peyi Asèr a ap bay bon manje k'ap bay fòs. L'ap donnen manje ki gou nan bouch wa yo ".
Benediksyon Moyiz la te gen plis signifikasyon.DE 33: 24-25 "Nan tout pitit Jakòb yo, benediksyon pou Asèr! Tout frè li yo ap renmen'l. Se pou tè li yo rich ak pye oliv. 25 Se pou pòtay lavil li yo fèt an fè ak an asye, pou li ka toujou viv ak kè poze." Vizyon nan 2Esdras 13:40-48 te pote plis limyè sou Izrayelit yo ki kite yon peyi peple ak (Jentils) moun lòt nasyon pou yo ale nan yon peyi byen lwen, kote moun pa janmen abite, apre yon vwayaj bato ki dire yon ane ak mwatye. Yo te vle lib pou yo adore Gran Mèt la. Gaye atravè mond lan, tribi Asè a te twouve'l nan nouvo kontinan. Nou reankontre'l nan zòn Venezyela ak Brezil. Prezans yo karakterize pa anpil sous petwòl ki bay lwil nan zòn yo. Asè trè jenere anvè frè'l yo. Ki moun ki pa tande pale de pwogram Petro Karayib lan.

2WA17:22 Moun peyi Izrayèl yo pran fè tankou Jewoboram, yo donnen ladan l' san rete. 23 Bout pou bout, Seyè a wete yo nèt devan je l', jan li te voye sèvitè l' yo, pwofèt yo avèti yo a. Se konsa yo depòte moun peyi Izrayèl yo byen lwen nan peyi Lasiri kote yo ye jouk jounen jòdi a.
MENI