Nou kontan wap vizite sit : "NOU IZRAYELIT YO". "Nou pran plezi nan entwodwi ou kounyè-a paj dakèy tribi Jida a. 4yèm, pitit gason Jakòb, Jida te lidè nan wayòm sid-la. Jakòb te fè yon koken'n chenn revelasyon sou pitit gason l'. GEN 49: 8-13 "... Pitit papa ou yo ap bese tèt devan ou "
Benediksyon Moyiz la antisipe viktwa Jida a. DE 33: 7 " Seyè, koute vwa moun fanmi Jida yo! Fè yo mete tèt yo ansanm ankò ak rès pèp la. Goumen pou yo, Seyè! Se pou ou ede yo lè y'ap batay ak lènmi l' yo...".
DE 28:58-64Gaye nan mond lan, Tribi Jida te twouve'l nan nouvo - kontinan an nan mitan Afro-Ameriken yo. Pandan ke anpil moun ap reve wè yo ateri sou sòl Ameriken, yo sitou enkyete de konpòtman pasif frè nou yo, byenke ekriti yo te prevwa'l: " Lyon an sou jenou'l ". Antisipasyon-an sè ke Jida ap yon jou pran wòl lidèchip ankò menm jan'l te ye nan wayòm Sid lan.

6 Nou pran moun peyi Jida yo ak moun lavil Jerizalèm yo, nou mennen yo byen lwen peyi yo: n' al vann yo bay moun peyi Lagrès.
7 Koulye a, mwen pral fè yo soti kote nou te vann yo a. Mwen pral fè nou sa nou te fè yo a.   JOÈL 3:6-7
MENI