Nou kontan wè wou ap vizite sit wèb : "Nou Izrayelit Yo" kote nou pataje ak wou kèk remak sou Bib la. An jeneral, kretyen yo a la ronn badè kwè ke Gran Mèt la te bannou enstriksyon ak lwa pou nou swiv nan Sent Bib la. Sèjousi, lè nap pale de La BIB nou panse a Ansyen Testaman, Nouvo Testaman ou tou lède konbine. Moun sa yo ki abitye ak kèk vèsyon ansyen Bib yo, pli patikilyèman, King James 1611 an, ap mande kote Apokrifa yo pase. Vrèman, Apokrifa te fè pati BIB la jouk nan lane 1885, lè lEta ak Legliz te deside yon lòt jan. Kidonk, lè Apokrifa te anleve nan Bib la, pòt la te gran louvri pou anpil lòt falsifikasyon. Se konsa, si se pa yon vèsè, se yon santans, yo mo oubyen yon lèt ki chanje MAT 5:17-19.
Kèk relijyon ap eseye jistifye erè yo lè yap lonje dwèt sou Wòm byen ke, daprè yo, Vikè Wòm lan li pote mak bèt la. Dim si se pat konpòtman Pilat ...
Lòm te pase mèt nan manèv pou yo kapab kontrekare plan Bondye-a, lè yap defye lwa Li. Nou kontaste daprè Sent Ekriti yo, panorama mond lan diferan de jan Gran Mèt la te fè'l
Syantist yo ap eseye rekonstri yon mèvèy yo detri lè yo presante nou yon modèl ki pa sanble ak orijinal la e yo parèt kontan yo te kapab bay grenn nan yon kouch dore.


"Tou sa ki ekri nan Liv la, se nan Lespri Bondye a yo soti. Y'ap sèvi pou moutre moun verite a, pou konbat moun ki nan lerè, pou korije moun k'ap fè fòt, pou moutre yo ki jan pou yo viv byen devan Bondye."  2Timote 3:16

LÒT PAJ LA   --OU--    MENI