Tradiksyon 2ESDRAS 13 sa-a se koutwazi "Nou Izrayelit YO"
13:40 Sa yo se nèf lòt branch fanmi yo ki te fè prizonye soti nan peyi yo nan tan Salmanaza (Salmënâsor), wa peyi Pès, ki te mennen yo prizonye nan wayòm li.
  41. Yo pou kont yo te ansent pwojè pou yo abandone ras-yo epi pou yo ale nan yon peyi kote okenn moun pat janmen viv,
  42. Lè sa-a, yo kapab kenbe lwa yo ke yo pat kapab kenbe nan peyi yo.
  43. Yo antre nan yon pass etwat nan bò larivyè Lefrat la (Efrat'is).
  44. Lè sa a, Gran Mèt-la fè yon mirak pou yo; Li te kanpe sous la nan gwo larivyè Lefrat la jistan yo te pase.
  45. peyi yo te nan yon distans ki bay yon ane ak mwatye e non li se Azâf.
  46. Se la yo te rete jouk dènye jou yo.
  47. Epi lè yo sou retounen ,
  48. Gran Mèt-la toujou sispann sous la nan gwo larivyè Lefrat la pou yo ka pase.

Vèsè 2EDRAS13 sa yo konsène sèlman WOUBEEN, SIMEYON, ZABILON, ISAKA, GAD, ASÈ, NAFTALI, EFRAYIM, MENASE, tribi NÒ yo eksèpte DANN.
Yo di: -Vini non! Ann efase non yo pami nasyon yo,
pou pesonn pa janm chonje peyi Izrayèl la ankò.
PS 83:4

TOUNEN NAN: IZRAYELIT dapre APOKRIF YO-//-OUBYEN-//- IZOLASYON YO...