Nou kontan wè ou sou sit wèb: "NOU IZRAYELIT YO" nan paj dakèy Woubenn, pi gran pitit gason Jakòb. Li te pèdi dwal kòm premye pitit paske li te kouche ak yon madanm papa'l JE 49:3,4 . Menm kant Moyiz antisipe miltip tribilasyon Woubenn, li te prevwa kanmenm Woubenn ap siviv ak yon pakèt pitit pitit DE 33:6 Woubenn te fè pati wayòm Nò-a. Li te youn nan premye tribi ki te kaptire e ki te depòte nan L'Asiri.
Vizyon nan 2ESDRAS 13:40-48 te pote plis limyè sou Izrayelit yo ki kite yon peyi peple ak pèp Jentils yo epi yal ateri byen lwen nan yon lòt mond kote lòm pat janm abite, apre yon vwayaj bato ki dire yon ane ak mwatye. Yo te vle lib pou yo adore Gran Mèt la ...
Tribi Woubenn lan te gaye nan tout mond lan. Nou jwenn yo okòmansman nan nouvo kontinan an sitou nan Florid. Nan fè jefò pou yo siviv, yo te adopte yon vi nomad jan'l te prevwa pa Jakòb: "enstab tankou dlo". Nou konpran sa paske lòm blan te toujou ap talonnen yo. Yo te gen anpil pwisans, malgre tou yo pa te kapab rive twò wo.
22. Moun peyi Izrayèl yo pran fè tankou Jewoboram, yo donnen ladan l' san rete.
23 Bout pou bout, Seyè a wete yo nèt devan je l', jan li te voye sèvitè l' yo, pwofèt yo avèti yo a. Se konsa yo depòte moun peyi Izrayèl yo byen lwen nan peyi Lasiri kote yo ye jouk jounen jòdi a.  2WA 17:22-23
MENI