Nou kontan wè ou sou sit "Nou, Izrayelit Yo" nan paj dakèy tribi Naftali, 2yèm pitit gason Jakòb ak Bila.
Revelasyon Jakòb la sou Neftali eblouyisan. DE 49:21 Neftali se yon sèf lage , li sèvi ak bèl mo" . Prediksyon sa-a te konfime pa Moyiz ki aksantiye ak yon langaj paradiziak. DE 33:23 Neftali resevwa kont benediksyon l'. Seyè a fè l' anpil anpil favè. Pòsyon tè yo ap soti bò letan an, l'ap desann jouk nan pwent sid peyi a. ."
Vizyon nan Esdras 13:40-48 te pote plis limyè sou Izrayelit yo ki abandone yon peyi peple pa moun lòt nasyon (JENTILS) yo pou yo ale nan yon peyi byen lwen ki pat janmen abite pa lòm, apre yon vwayaj bato ki dire yon ane ak mwatye. Yo te vle lib pou yo sèvi Gran Mèt la.
Gaye nan tout mond lan, tribi Neftali a te etabli nan Hawai, yon bèl zile nan Pasifik lwès kote dè milye touris, toupatou nan mond lan, vin pase vakans yo chak ane.
22 Moun peyi Izrayèl yo pran fè tankou Jewoboram, yo donnen ladan l' san rete. 23 Bout pou bout, Seyè a wete yo nèt devan je l', jan li te voye sèvitè l' yo, pwofèt yo avèti yo a. Se konsa yo depòte moun peyi Izrayèl yo byen lwen nan peyi Lasiri kote yo ye jouk jounen jòdi a.  2WA 17:22-23
MENI