Wap mande tèt w, petèt, sa 'Nou Izrayelit yo" genyen pou yo ga di sou Tan-an. Chak fwa n'ap pale de tan-an, nou evoke konsèp mouvman. Nou vle di entèraksyon ki genyen ant tè a, solèy la ak lalin lan ki pote mak premiye mouvman nan linivè a.  JEN 1:14 Bondye di ankò. Se pou limyè parèt nan syèl la pou separe lajounen ak lannwit. Y'a sèvi pou make jou yo, lanne yo ak sezon yo.
 Pa te gen okenn lòt enfòmasyon siplemantè ki gen enpotans. Poutan, lòt evanjil ekri pa ENÒK e Jibile Moyiz yo trete sijè sa-a agogo. Nou kwè ke sa a se fondasyon linivè-a. Si evanjil Moyiz yo, apa Jibile, trè familye a nou nan Ansyen Testaman an, se pa menm pou Liv Enòk yo ke daye nou ka apen kapab twouve. Nou envite ou a familyarize ak 2 Liv sa yo ke nou presante w. Nou imajine sipris w lè w apran ke ane-a gen sèlman 364 jou, 52 semèn, 12 mwa ak 4 sezon ki kote payo genyen 91 jou chak. Eske w konnen ke chak mwa gen 30 jou eksèpte 4 mwa ki gen 31 jou akòz chanjeman nan sezon yo? Konyè-a, an nou fè yon ti kout pye nan laboratwa Gran Mèt la. Yon kout chapo pou Enòk!
"Y'a sèvi limyè nan syèl la pou klere tout latè a. Se konsa sa te pase. 16 Bondye fè de gwo limyè, pi gwo a pou kòmande sou lajounen, pi piti a pou kòmande sou lannwit. Li fè zetwal yo tou". GEN 1:15-16

LÒT PAJ LA