Nou kontan wè ou sou sit wèb "Nou Izrayelit Yo", Chapit MENORA-a. Ki sal ye?
Menora 7 branch nou an, Egzod 25:30-40 senbolize lafwa pèp Izrayèl gen nan Bondye. Li te toujou kanpe djanm nan Tanp lan nan epòk Mezon Sakre sila te frekante nan vil Jerizalèm. Vrè objèktif Menora se pa't pou eklere tanp lan, men yo te la pou fè Izrayelit yo sonje misyon yo pou yo gide lòt nasyon, pou yo repann limyè nan tout mond lan Ezayi 42:1-6 . Se pa yon etònman ke nou jwenn Menora-a toupre Palman nan aktyèl eta pèp Izrayèl la.
Misyon an ke, orijinaleman, pèp Izrayèl lan te resevwa se te pou'l te yon fa, yon limyè pou lòt nasyon yo; misyon sa-a te souvan ize pa kèk denominasyon kretyen pou jistifye obligasyon yo pou yo preche levanjil la. Yo menm chwazi'l pou akòde bon sèvitè yo yon tit "Sen" ki garanti yo yon plas èspesyal nan syèl la. Sa se fè dasomann nan dwa Gran Mèt-la. Envansyon pigatwa se kouto Damoklès sou tèt fidèl yo, se temwayaj mèkantilism nan enstitisyon an. Gade yon teknik sibtil pou enpoze yon kwayans!
Menora 7 branch yo diferan de sa 9 branch yo ki represante Chanuka, evokasyon memwa viktwa Machbeth

Egzòd 25:36 Boujon yo ak branch yo va fè yon sèl pyès ak pye gwo lanp lan. Se va yon sèl pyès lò y'a bat ak mato pou ba li fòm yo vle a. 37 y'a fè sèt lanp pou gwo lanp lan, y'a moute yo sou li yon jan pou yo ka klere sou devan.

TOUNEN NAN MENI-A