Nou kontan wap visite sit wèb: "NOU IZRAYELIT YO" . Nou pran plezi pou nou prezante ou paj dakèy Isaka.
Isaka se 5yèm pitit Jakòb. Li te fè pati wayòm Nò-a. Prediksyon Jakòb la sou Isaka te kaptivan. JENEZ 49:14,15 "Isaka, se yon bon bourik chay. Li kouche nan mitan de bò sakpay. 15. Li wè jan kote li poze kò l' la nan gou li, li wè jan peyi a bèl. Li pare do l' pou l' pote chay li. Li tounen esklav pou l' travay di.
Revelasyon Esdras 13:40-48 ak benediksyon Moyiz la nan DE 13:19 te ranfòse visyon Jakòb e te ede nou idantifye Tribi Isaka ki gaye atravè mond lan. Nou pral jwenn yo nan Meksik nan mitan Aztèk yo. Yo pataje menm fwa relijye ak Mayans yo nan peyi Panama. Se te yon pwen komen ki te pèmèt yo reyini ansanb nan tèt montay la pou yo adore Gran Mèt la kòm te prevwa Moyiz. Prezans tribi Isaka ( Meksiken ) nan milye travay nan peyi Etazini remakab.

2WA17:22 Moun peyi Izrayèl yo pran fè tankou Jewoboram, yo donnen ladan l' san rete. 23 Bout pou bout, Seyè a wete yo nèt devan je l', jan li te voye sèvitè l' yo, pwofèt yo avèti yo a. Se konsa yo depòte moun peyi Izrayèl yo byen lwen nan peyi Lasiri kote yo ye jouk jounen jòdi a.     
MENI