Nou kontan wap vizite sit wèb: "Nou, Izrayelit Yo" kote nap pataje ak ou paj dakèy tribi Levi, 3yèm pitit gason Jakòb. Rèsponsab tanp lan, Levi yo te sèl tribi ki kalifye pou prèt. Ki donk yo pat te gen dwa pòsede tè.
Revelasyon Jakòb la sou Levi ak Simeyon frè li bannou laperez GEN 49:5-7 "... Yo sèvi ak zam yo pou fè mechanste...."
Prediksyon Jakòb la te ranfòse ak Moyiz nan DE 33:8-11 ki pale nou de madichon tribò babò kap tonbe sou tribi Levi a. Liv Malachi 2:1-9 te ale pi lwen pou idantifye kòman rekonèt tribi Levi nan fen tan an. "... Gade' m fin pouri pitit pitit ou epi mwen jete fimye (poupou) nan tout figi ou... "
Tribi Levi te gaye toupatou nan mond lan. Nou jwenn yo an Ayiti, nan zile Ispanyola ke yo pataje ak frè yo Simeyon. Malgre avètisman Gran Mèt la se toujou menm abitid yo ke yo genyen: sèvi zidòl ak fè maji.

Joel3:6 Nou pran moun peyi Jida yo ak moun lavil Jerizalèm yo, nou mennen yo byen lwen peyi yo: n' al vann yo bay moun peyi Lagrès. 7 Koulye a, mwen pral fè yo soti kote nou te vann yo a. Mwen pral fè nou sa nou te fè yo a.

TOUNEN NAN MENI A