Nou kontan wap vizite sit wèb: "NOU IZRAYELIT YO" nan paj dakèy tribi Jozèf, 10yèm pitit Jakòb. Li te fenk gen 17 an, Jozèf te kapab entèprete rèv ak presizyon. JEN 49:22-26 Si Jakòb te renmen'l plis ke tout lòt pitit yo, sepandan, Jozèf te jwen rayisman kote frè'l yo ki tap obsève panchan papa yo pou li. Don ke Jozèf te genyen poul entèprete rèv kontribye a chanje rayisman frè li yo an raj jiska se ke yo fini pa vann li bay Izmayelit yo ki trennen'l nan peyi Ejip. Frè'l yo te deklare lanmò li. Jozèf te vann yon dezyèm fwa li te menm fini pa pran yon kout prizon. E se la li pra'l vini popilè nan entèprete rèv farawon an. Soti nan kacho prizon Jozèf te nonme gouvènè, an chaj tout peyi Ejip la.
Yon kriz grangou nan Kannaen fòse frè Jozèf antre nan peyi Ejip pou twouve manje. DET 33:13-17 & JEN 45:5
Gouvènè-a te rekonèt frè li yo. Li te resevwa yo byen e menm te padone yo
Jakòb te kontan lèl aprann ke Jozèf te toujou vivan e ke li te gen 2 pitit gason. Kòm Jozèf pat nan eritaj li, Jakòb deside ranplase'l pa 2 pitit gason yo. Li te menm ale pi lwen nan benediksyon li ba yo: dwa Manase, premye pitit la te transfere bay Efrayim. JEN 48:17-20 E se konsa 2 pitit Jozèf yo vin chèf tribi pa yo. Apokalips 7 fè referans a Manase ki te sele.

Tribi EFRAYM --- ---- ---- // ---- --- ---- Tribi MANASE

" N'a konnen verite a, lè sa a verite a va ban nou libète nou." JAN 8:32

TOUNEN NAN MENI-A