Nou kontan wap vizite sit wèb: "Nou, Izrayelit Yo" Nou ki soti nan branch fanmi Levi a, nou abitye ak anpil frè ak sè Izrayelit nan lòt tribi yo. Daye, nou felisite yo anpil pou kòken chen travay sa a ke yo fè. Kòm ou tout konnen travay la ekstrèmman anpil kant nab kade ke li pat kapab byen fèt sikondisyon sa yo pat klè. Nou vle pale de Konèsans Bib ak Istwa, Pasyans, Tèt Frèt ak Rèspè, jis pou nou mansyone kèk. Wi, nou dwe gen konpasyon pou moun ki pa nan sèk nou an. Travay nou se simen grenn lan, Gran Mèt la va okipe'l de fètilizasyon tè arid yo. Ki jan nou ka bliye istwa konvèsyon Pòl nan rout Damas!
Nou koute ak anpil atansyon divès kalite entèvansyon frè Izrayelit nou yo fè swa sou radyo oswa atravè rezo sosyal yo. Lefèt ke kèk ti chirepit rete nan mitan nou, yon bagay ki imen, kidonk anpeche nou genyen bèl chenn INYON sa a ki fè nou tout reve, nou te vinn ak ide toudabo sijere kreyasyon yon fowòm pou rezoud diferan nou. Anplis de sa soumèt pou konsiderasyon ou pawòl evanjil REVELASYON11:4-16 ke nou estime trè pwofon.
Nou regrèt nou pa kapab derape ak pwojè sa a, men toudmèm nou garanti ou patisipasyon nou.
Nou kwè ke Gran Mèt la ap kontinye akonpanye nou nan vwayaj sa a.
RESANSMAN 15:(38-40 )38 -Pale ak moun pèp Izrayèl yo. W'a di yo pou mwen: Se pou yo toujou mete ponpon sou woulèt rad yo, se pou yo pase kòdon ble nan chak ponpon. Se pou nou toujou fè sa de pitit an pitit. 39 Chak fwa n'a wè ponpon sa yo, sa va fè nou chonje tou sa Seyè a te ban nou lòd fè pou nou ka fè yo. Konsa, nou p'ap pèdi tèt nou, nou p'ap vire do ban mwen pou nou swiv pwòp lide pa nou ak pwòp dezi pa nou.              MENI A