Nou kontan wè ou sou sit wèb: "NOU IZRAYELIT YO", chapit SENT EKRITI KACHE. Deja lide sila efreye nou. N'ap fè fas a yon reyalite enkontounab. Kèsyon nan bib la ki ta dwe pi fasil fè koule anpil lank. Nou vle pale de non Gran Mèt la ak non pitit li. Ki repons nou ka bay? Nou pa menm ka twouve yon senp akò sou sijè sa-a. Li evidan ke moun ki te plase pou prepare premiye Bib la pa te fè yo ka de sa. Se pa te sousi pa yo evidamman. Sinon, nou pa ta twouve nou nan konfizyon sila ki vrèman anbarasan.Brèf!
 Nou imajine sipriz lè wou aprann ke lèt "J" gen orijin li nan lang angle a ki kòmanse itilize'l sèlman nan ane 1330.
Èske nou ka pale de yon move konyensidans oswa yon manipilasyon sinik ke "Zeyis ak" Jezi " yo ka si raproche yon ak lot. Ki konfisyon nou ka genyen nan pawol zanj lan lèl anonse Mari ke pitit Bondye ap soti nan vant li? Non zanj lan bali te klè IZAYI 7:14 & MATYE 1:23
Se pa de grenn liv sakre ki an otaj! An reyalite, premye Bib la ki gen 3 pati Ansyen, Nouvo Tèstaman plis Apokrif-la se te rezilta negosyasyon kolèktif. Li te dire sèlman twa syèk. Sak te pi mal, Apokrif-la, yon fwa eskli nan bib la, moun pa't ka menm twouve'l ankò. Nou ta va di se yon konspirasyon! Liv Enòk-yo ak Jibile Moyiz-yo, ki pa te janmen fè pati nan Sent Bib la, te gen menm sò-a.

"Tout moun ki moun Bondye, yo koute pawòl Bondye.
Men nou menm, nou pa moun Bondye.
Se sak fè nou pa vle koute". JAN 8:47
SWIV NAN:TRAVAY 18