Nou kontan wè ou sou sit wèb: "NOU IZRAYELIT YO" kote wap vizite paj dakèy Benjamen an, denye pitit gason Jakòb. Dapre vizyon papa'l nan GEN 49:27 , "Benjamen, se yon bèt nan bwa devoran. Nan maten, li manje bèt li kenbe a. Nan aswè, l'ap separe toujou sa l' te pran yo." Si nou byen gade pwofil li,nap wè ke li karakterize "papa jenewozite". Ki jan nou ka bliye ranfòsman tribi Benjamen al bay wayom Sid-la kap fè bèk atè devan wayom Nò-a. Malgre prezans li nan mitan Tribi Sid yo, balans la pat ka fèt. Erezman, Gran Mèt-la pat bali do. Li bay lod pou lagè-a sispan. Benediksyon Moyiz bay Benjamen, se yon bon jan prèv. DE 33:12 " Se moun Seyè a renmen anpil. Y'a viv ak kè poze bò kote l'. Bondye ki anwo nan syèl la va toujou pwoteje yo, l'a moute kay li nan mitan yo. . ."
DE 28:58-64 Tribi Benjamen te gaye toupatou nan mond lan. Nou jwenn li nan nouvo kontinan nan zile JAMAYIKA. Benjamen kontribye anpil nan endepandans ayisyen. Tribi Levi yo pat pou kont li. Tout moun konnen istwa Boukman ki evoke yon esklav Jamayiken, Iman, ki te transfere an Ayiti. Li te patisipe nan revolisyon.

Nou pran moun peyi Jida yo ak moun lavil Jerizalèm yo, nou mennen yo byen lwen peyi yo: n' al vann yo bay moun peyi Lagrès.
7 Koulye a, mwen pral fè yo soti kote nou te vann yo a. Mwen pral fè nou sa nou te fè yo a.  JOEL 3:6-7

MENI