Nou kontan wè ou sou sit wèb: "NOU IZRAYELIT YO"
Wap mande tèt ou petèt, poukisa sit "NOU, IZRAYELIT YO" te kreye e ki bi li?
Se evidan ke kreyasyon Eta Izrayelit nan lane 1948 pa sipè pisans yo mete yon gran latwoublay nan mond lan. Nou te konstate sa a nan domèn politik la pase nan safè relijye a Rev 2:9 & 3:9 Nou gen tandans a asimile nasyon sa a ki fenk fèt la ak sila ke, pou premye fwa, Gran Mèt-la te kreye nan Ansyen Testaman kote nou fè konesans ak 12 tribi Izrayelit yo. Gen 49:1-28 . Koulyè a, nou invite ou a fouye, yon fwa ankò ak nou, Ekriti Sakre-yo. Se yon okazyon favorab pou anrichi konèsans ou oubyen pou w kapab fè distenksyon ant lejand ak reyalite. Nap prezante ou 12 tribi yo daprè kontèks Bib-la, daprè Istwa e daprè Jewografi . Nap genyen pou gid orijinal bib Wa Jems-lan ki soti nan lane 1611. Malerezman, yo te fè fo liv plizyè fwa malgre avètisman Gran Mèt-la. Matt 5:18-19 . Kòman nou ka inyore dap piyan ke lèzom fè alò ke profèt Danyèl te byen avèti nou. Da 7.25 .
San pèdi tan, annou eseye dekouvri sekrè asosye a 12 tribi Izrayèl yo ki pèdi. Nou swete Gran Mèt la ap akonpanye nou nan vwayaj sila. Epitou, ke l'ap propaje benediksyon'l sou tout frè ak sè Izrayelit yo pou yon menm fwa ak yon mesaj kle.
.

Na konnen verite-a
lè sa-a
verite-a va ba nou libète nou
JAN 8:32
LÒT PAJ LA