Nou kontan wap vizite sit wèb: " Nou, Izrayelit Yo ". Nou pran plezi prezante ou paj dakèy tribi Gad, 8yèm pitit Jakòb. Revelasyon papa'l te prevwa alafwa defèt li ak kouraj li poul moute pant lan GEN 49:19 " Ou menm, Gad, yon bann vòlò ap vin tonbe sou ou. Men, w'ap kouri dèyè yo, se ou k'ap mete men sou yo.."
Moyiz antisipe devosyon Gad nan konfyans nan Bondye zansèt li yo, DE 33:21 ". ... Se yo k'ap mache devan pèp la. Yo fè tou sa Seyè a te mande, yo swiv tout regleman Seyè a te bay pèp Izrayèl la. "
Vizyon nan Esdras 13:40-48 te pote plis limyè sou Izrayelit yo ki kite yon peyi peple pa (Jentils) moun lòt nasyon, pou yo ale nan yon peyi byen lwen, kote moun pat janm rete, apre yon vwayaj bato ki dire lontan, yon ane ak mwatye. Yo te vle lib pou yo sèvi Gran Mèt la.
Gaye nan mond lan, nou pral jwenn tribi Gad la nan zòn Nò anwò nan Etazini ak nan peyi Kanada.

22 Moun peyi Izrayèl yo pran fè tankou Jewoboram, yo donnen ladan l' san rete. 23 Bout pou bout, Seyè a wete yo nèt devan je l', jan li te voye sèvitè l' yo, pwofèt yo avèti yo a. Se konsa yo depòte moun peyi Izrayèl yo byen lwen nan peyi Lasiri kote yo ye jouk jounen jòdi a.   2WA17:22-23

MENI