REFERANS BIB LA
JENÈZ 49:1-17
1 Jakòb fè rele pitit gason l' yo, li di yo: -Sanble non. M'ap fè nou konnen sa ki pral rive nou nan jou k'ap vini yo.
2 Sanble, vin koute non, pitit Jakòb yo! vin koute sa Izrayèl, papa nou, pral di nou.
3 Ou menm, Woubenn, premye pitit gason mwen, ou se fòs mwen, premye pitit mwen fè. Nan tout pitit mwen yo, se ou ki gen plis fòs, se ou ki pi gwonèg.
4 Ou tankou yon larivyè k'ap desann. Men, se pa ou k'ap alatèt, paske ou kouche ak yon madanm papa ou. Ou moute sou kabann mwen, ou fè sa ou pa t' dwe fè.
5 Simeyon ak Levi se menm moun, se pwason kraze nan bouyon! Yo sèvi ak zam yo pou fè mechanste.
6 Mwen p'ap patisipe nan konplo yo. Mwen p'ap la avèk yo nan reyinyon yo. Paske lè yo ankòlè, yo touye moun. Yo koupe jarèt towo bèf pou dan ri.
7 Madichon pou yo lè yo move paske yo san manman! M'ap fè yo rete toupatou nan peyi Jakòb la. M'ap gaye yo nan tout peyi Izrayèl la.
8 Ou menm, Jida, frè ou yo ap fè lwanj ou. W'ap kenbe lènmi ou yo dèyè kou. Pitit papa ou yo ap bese tèt devan ou.
9 Jida, se yon jenn ti lyon. Lè ou fin fè ravaj, pitit mwen, ou tounen tounen ou. Ou kwoupi, ou kache kò ou tankou yon jenn ti lyon, tankou yon fenmèl lyon. Ki moun ki ka deranje ou?
10 Yo p'ap ka wete kòmandman an nan men Jida. Non. Baton kòmandman an p'ap soti nan mitan janm li, jouk tan moun tout pèp sou latè pral obeyi a va vini.
11 L'ap mare ti bourik li a nan yon pye rezen, l'ap mare pitit manman bourik li a nan pi bon pye rezen an. L'ap lave rad li nan diven, l'ap lave varèz li nan diven wouj kou san.
12 Je l' wouj ak diven. Dan l' blan ak lèt.
13 Zabilon pral rete bò lanmè. Batiman yo va jwenn bon pò sou rivaj li yo. Limit peyi l' la ap rive jouk Sidon.
14 Isaka, se yon bon bourik chay. Li kouche nan mitan de bò sakpay.
15 Li wè jan kote li poze kò l' la nan gou li, li wè jan peyi a bèl. Li pare do l' pou l' pote chay li. Li tounen esklav pou l' travay di.
16 Dann ap yon chèf pou pèp li, tankou yon branch nan fanmi Izrayèl.
17 Dann ap tankou yon sèpan bò gran chemen an, yon sèpan mechan sou bò wout la. L'ap mòde chwal yo nan talon pou l' fè kavalye yo tonbe sou tèt.
 
LÒT VÈSÈ YO OUBYEN   TOUNEN NAN PAJ DAKÈY LA