Nan tan Dessaline, te gen 6 departman. Yo chak te gen yon jenewal nan tèt yo ki te bay Dessaline rapò sou sa kap fèt lakay yo.
Konstitisyon 87 reprann menm fòmil la, lèl di Departman yo otonòm. Sa vle di yo ka gen pwòp lwa yo, pwòp jij, pwòp gouvènè yo e latriye. Sa rete la sou papye. Anyen pa janm fèt pou aplike'l.. Fòk nou fini ak repiblik Port au Prince lan, kote 75 % lajan peyi a ap gaspiye. Se sa Federalism lan mande. Fòk chak departman jere pa pwòp tèt pa yo. Tout politisyen ki vini lakay nou dwe bannou dizon'l nan pa-pòt la. Fò'l di nou kote'l kanpe sou pawòl sila.
SI ou dakò pou OTONOMI departman yo, vini jwenn nou nan konbit sila. KLIKE LA : NOU VLE OTONOMI NOU
     EPI, CHWAZI DEPARTMAN OU. KLIKE SOU LI



FEDERALISM SE CHEMEN AN

FEDERALISM AP BOUJONNEN NAN TOUT PEYI A

NOU TANDE L NAN NÒ, NOU TANDE L NAN SID
NOU TANDE L NÒ DÈS, NOU TANDE L NÒ DWÈS
LÈ PAWÒL LA JWEN LATIBONIT, PÈP LA SOTI, LI PRAN LARI
LI DI SE SA E SE SA NÈT, PA GEN MWAYEN POU KONPWOMI

FEDERALISM AP BOUJONNEN NAN TOUT PEYI A
SIDÈS AK NIP DI YO LADAN'L, GRANDANS AK SANT YO DEJA PRÈT
LWÈS LA MENM DI: SA NAPE TANN, MA VA PRAN SOUF ; CHAJ LA TWO LOU
PAWÒL ANPIL, MEN FÈ AKSYON, POU FEDERALISM LAN VRÈMAN SOUPYE
                               SE TE KONSA 10 GOUVÈNÈ KE PÈP CHWAZI, NAN ELÈKSYON, VA KÒMANSE MISYON PA YO                         
FEDERALISM LAN SE SOLISYON AN, PA GEN LÒT VWA POU'N AVANSE .
VA PÒT PAWÒL TOUT NASYON AN, YON PREZIDAN PÈP LA ELI
VISPREZIDAN VA BAY JARÈT,. PAP GEN SIPRIZ, NI TI DEZÒD (PAP GEN MÈTDAM)
SE DOLEANS YA RESEVWA, DE PATNÈ LÒT PEYI YO
MANMAN LWA PEYI A, SE SA L TA DWE MANDE.
DYASPORA DI KOTE PLAS LI , LI PAP DEYÒ NAN KONBIT LA
PAWÒL SILA ANKOURAJAN, FÒK NOU DI'L FÒ, FÒK NOU DI'L BYEN
DYASPORA A, SE MWÈL PEYI A.
SAN GOUVÈNÈ LAP FONKSYONE, REPRANN DWA LI, SE SAL BESWEN
LI MENM DAKÒ AK PETISYON, POU'L BAY JARÈT TOUT GOUVÈNÈ
KI VLE TRAVAY KI GEN MISYON, POU YON AYITI MIYÒ TOUTBON.

NOU PA NAN RÈV, DE JE NOU KLERE NOU TE BYEN DI'L, NAP REPETE'L
NAP REPETE'L ANKÒ MILFWA LÈL MAKONNEN AK TOUT PÈP LA
GENYEN FANMY KI PAP KONTAN, GENYEN NAN YO KI VA BOUDE
TANPRI POU YO, SI YO PA VLE, PATISIPE NAN KONBIT LA
SA VA POU NOU YON BÈL LESON, KE SE PASE YO TAP PASE
YO PAT GEN PLAN NAN LÈSPRI YO, POU YO FÈ KÒ AK NASYON AN.
SE TE PASE YO TAP PASE.
PA MANDE'M TANPRI SOUPLE, POU'M KA DI OU SA YAP FÈ LA.
BONDYE NAN SYÈL LA AP GADE, LAPE PRAN NÒT, LI BON NAN SA

TOU SA OU FÈM, TOU SA OU DIM. OU MARE PYEM, OU TOUPIZIM,
TANKOU SANSI OU BWÈ SAN MWEN, TOUT SA EKRI NAN TABLÈT LI
PAPA BONDYE KI NAN SYÈL LA, SE AVE'L OU VA KONTRE
SE GRAS A LI PÒT MWEN LOUVRI POU'W KA ANTRE VIV LAKAY MWEN.

SAN'N MANDE YO 2 3 LEKOL, SAN'N MADE YO KEK LOPITAL
YON TI LÒSYE NAN BYEN PA YO
KE YO TE VLE'L KE YO PAT VLE'L. KE YO KONTAN, YO PA KONTAN
FEDERALISM LAN GEN POU LI DJANM
FEDERALISM GEN POU'L MAKE TOUT PYE PALMIS NAN PEYI A.
LÈ SA, NA VA KONPRANN 1804 KOTE'L SOTI.

Myrtho Felix 561 489 9098
VINI JWEN NOU NAN KONBIT SILA
Myrtho Felix     Yonn nan pòt-pawòl FEDERALISM LAN     PHONE: 561 489 9098