
Nou konten wè ou sou sit wèb : "NOU IZRAYELIT YO" nan chapit
"TAN AN".
Se
yon konsèp ki gen enpòtans kapital e ke lòm dwe metrize pou konfòme'l ak kòmandman Gran Mèt-la.
Nou tout abitye ak modèl kreyasyon-an. Bondye konbine fè nwa-ak limyè. E se konsa konsèp Aswè ak Maten defini jou yo youn apre lòt. Se konsa Solèy la, lalin lan ak zetwal yo,
ki te repwezante liminè yo, te kreye sou katriyèm jou-a.
JEN 1:14-19.
Remake byen ke solèy ak lalin respèktivman kontwole plas jou ak plas lannwit lan. Dapre modèl kreyasyon-an,
operasyon lalin-lan te kòmanse nan aswè sou 4yèm jou kreyasyon ki vle di nan komansman senkyèm jou-a.
PS 104:19
sipòte kwayans nou ke lalin lan jis te lanse aktivite
òlòj inivèsel la. Toujou ak binom SWA/MATEN kòm gid, nou ka konkli ke premye jou nan chak ane kòmanse 5yèm jou nan semèn an. Konnyè, annou voye yon kout je sou Ekinok-la kote lè jounen-an ak
lè lannwit yo egal. Tout bagay sa pase 4yèm jou nan semèn nan, oswa dènye jou nan chak ane.
JIBILE 6:25-31
Jis yon rapèl Lot gwo jou fèt sakre Bondye yo kom Pak, Pen San Leven
Tabèna
k etc yo tout dwe pou yo selebre nan menm jou chak ane LEV 23:4. Sa vle di ke kalandriye nou yo ta dwe inamovib.
Aktyèl Kalandriye-a fo. Li diferan de pa Enok-la.
Li pa pèmèt nou rete nan amoni ak Gran Mèt-la. Se yon trist reyalite.
1jou nan lane a ki tonbe nan 5yèm jou nan semen an mennen nou nan "LEV 23:5 "Pasovè", 14yèm jou nan mwa Abib lan e pilwen nan Rezirèsyon Mesi a, 3 jou apre.
Spesifikasyon Kalandriye-a