Danyèl 7:25 te prevwa ke lèzòm tap peche kont lwa ak tan an. Ki sa nou konnen sou revelasyon sila?

Si nou konsidere lwa nan ekriti sakre yo, li pral evidan pou nou ke binòm SAMDI / DIMANCH ap montre nou byen kijan lèzòm te revolte devan prèskripsyon Gran Mèt la. N'ap raple ou ke Pitit Bondye a, lò vizit li sou tè a, te rèspèkte jou repo a. Sonje ke li te pase 33 rekòlt kafe nan mitan nou. Nan tout peryòd sa a li swiv prèskripsyon papa'l yo san manke yon vigil: "SONJE JOU REPO A, SE POU NOU KENBEL SAKRE"
Ki sa nou ka di sou Tan an?
Konnyè a annou gade sik 24 è a ki asosye a yon jounen. Nou jouen ke syantis, astwonòm ak navigatè yo te itilize nan linivè pa yo. Anplis de referans biblik nou genyen sou li ki mennen nou nan kreyasyon mond lan, sik 24 è, nan aplikasyon'l, gen orijin li soti nan peyi Lejip. Jouk jodya nou jwenn revèy ki pote anprint li. Ladan yo gen revèy Popilè vil Prag la
Se pou nou soulinye ke premye revèy mekanik ke piblik la konnen soti nan peyi Itali. Revèy sila komanse konte sik 24 è a soti nan mwatye yon è apre solèy kouche jouk aswè nan lòt joua. Me ankò yon lòt binòm AM / PM ki te fè koule anpil lank! Sa se yon toudisman mele ak devyason ki date lanne 1884 kant astwonòm Ameriken an Lewis Morris Rutherfurd ki gen souch li nan Colombia Inivèsite nan vil New York, nan yon konferans Entènasyonal te abilman fòse mond lan pou yo mete sou kote yon pratik ki soti nan kreyasyon'l. "Te gen yon aswè, te gen yon maten, li te 1e jou a nan kreyasyon an. Te gen yon bann peyi ki patisipe nan Konferans Entènasyonal sila a. Me lis la:
Si nou ranje yo dapre kontinan yo nou ka fè dekont sila:
Kontinan Nimewo Kontinan Nimewo
AMERIK 12 AFRIK 01
AZI 01 EWÒP 12
OSEANI 00TOTAL = 26 peyi

Selon yon rapò nan Times London nan ane 1886, òlòj 24 è sila te itilize sou tren Kanadyen Pasifik nan Pò Arthur. Yon lòt rapò ki soti nan yon komite gouvènman an nan UK te note ke Itali te premye peyi nan mitan lòt yo ki te adòpte yon orè pou 24 è atravè tout peyi a nan ane 1893. Te swiv li, nou genyen Lafrans nan ane 1912 ( lame franse a nan 1909), Denmark (1916), Grès (1917). Espay, Pòtigal, Bèljik ak Swis nan ane 1920. Tirki (1925) ak Almay (1927). Gen peyi nan Amerik Latin nan ki te adòpte òlòj 24 è nan 1920.
Sa yo se jenèz konsepsyon nouvo, kote yon jounen 24 è te make pa AM / PM. Li te kòmanse pou tout moun nan mond lan nan mitan lannwit
YON LÒT ENFRAKSYON! --OUBYEN-- TOUNEN NAN SAM/DIM --OUBYEN-- TOUNEN NAN TAN AN