KOUTWAZI " NOU IZRAYELIT YO " REFERANS JUBILEE BOOK by DR A NYLAND
JIBILE 6:23-33
23. E se konsa nou wè, youn apre lòt, lalin nouvèl la nan premye mwa a, lalin lan nouvèl nan katriyèm mwa a, lalin nan nouvèl nan setyèm mwa a ak lalin lan nouvèl nan 10yèm mwa a. Jou sa yo se jou nou pakapab bliye, se jou ki make sezon yo nan 4 patisyon nan ane a; jou sa yo te ekri ak òdone kòm yon temwayaj pou tout tan.
24. Se konsa Noe rekòmande nan yo pou tèt li kòm lòt gwo jou fèt pou jenerasyon yo, pou tout tan yo e ke yo vin ka toujou chonje pwoteje pou li
25. lalin nouvèl la nan premye mwa a - pèmisyon li te resevwa pou'l fè yon gwo batiman; tè a te vin chèch epi li louvri batiman pou li wè tè a;
26. lalin nouvèl la nan katriyèm mwa a - antre soti nan fon lanmè yo nan twou san fon alò ke anba yo te rete fèmen; nan lalin nouvèl la setyèm mwa a - tout antre nan profondè ki te sou latè te louvwi epi dlo yo te kòmanse ale desann ;
27. lalin nouvèl la nan 10yèm mwa a - tèt mòn yo te vizib, alò, Noe te gen kè kontan
28. Epi sou sijè sa a, li te bay lòd, pou tèt li, tankou memoryal fèt pou toujou e se konsa lòd la te bay
29. li mete yo sou tablèt selès la. Chak nan yo, soti nan youn tonbe nan lòt la, te gen 13 semèn e se konsa memoryal yo te fete nan tout,
30. tout jou ki vini apre lòd la se 52 semèn . Se te tout lanne-a ; Sa a te grave e òdone sou tablèt yo nan syèl la
31. Nanpwen okenn neglijans [pou commandman sa a] pou yon ane ni nan ane apre ane.
32. Epi ou menm, fòse moun pèp Izrayèl yo, oblije yo pou yo obsève ane yo dapre dekonte 364 jou a. Se yon ane antye epi yo pa dwe fè okenn chanjmannan nan tan an pou yo pa deranje jou ak festival li yo, paske tout bagay ap dakò ak li dapre temwayaj yo, epi yo pap neglije okenn jou, ni yo pap chanje dat okenn fèt.
33. Men, si yo fè mankman epi yo pa obsève lòd li yo, lè sa a, yo deranje tout sezon yo annantye tou kòm ane yo ap boulvèse

TOUNEN NAN FÈT SAKRE   --OUBYEN--  NAN TAN AN   --OU-- ABIB 30yèm