ENGLISH ... NOU, IZRAYELIT YO ... FRENCH |
Anvan nou prezante-w kalandriye Enòk la, nou vle mete aksan sou kèk spesifikasyon ki pwop a li. |
1. Kalandriye Enòk gen 364 jou. 2. Kalandriye Enòk se yon kalandriye anyèl. Sa vle di ke se menm-lan nou itilize chak ane. 3. Kalandriye Enòk la te itilize nan moman pitit Bondye te sou tè a. Jis yon rapèl: Li te pase 33 ane ak nou. 4. Kalandriye Enòk pa rekonèt non dye payen ke kalandriye Gregoryen-an itilize pou idantifye non jou semèn yo. 5. Kalandriye Enòk rekonèt Jedi kòm premye jou nan ane-a; Sa se yon lòt diferans ankò ak kalandriye Gregoryen-an. Ankò yon lòt rapèl: nan 2013, premye jou lane-an te komanse yon dimanch; nan 2016 premye jou-a tonbe yon vandredi, nan 2017 li tonbe yon dimanch. Avan nale pi lwen, annou eseye konprann poukisa premye jou nan ane-a se yon Jedi e li pa te kapab yon lòt jou. |
|