Nou tout konnen ke peyi nou tankou vil la nap viv la gouvène pa lwa . Èske se menm bagay pou planèt tè a? An jeneral, moun ki rekonèt Bondye Abraram lan, yo pa pral ezite di wi. Kòm yon ilistrasyon, yo bannou yon pil ak yon pakèt lèkti nan Sent Ekriti a. Pou ranfòse deba yo, kèk nan yo refere nou nan Revelasyon 22: 18-19 "18 Mwen menm Jan, men sa m'ap di tout moun ki tande pawòl Bondye ki nan liv sa a. Si yon moun mete nan pawòl sa yo anyen ki pa t' ladan l', Bondye va mete tout kalamite yo pale nan liv sa a sou chatiman li merite a.
19 Konsa tou, si yon moun wete anyen nan pawòl Bondye ki nan liv sa a, Bondye va wete pòsyon ki ta pou li nan piebwa ki bay lavi a ak nan lavil Bondye a, nan piebwa ak lavil yo pale nan liv sa a"
Tout sa a se pou enfòme nou de karaktè sakre Liv Gran Mèt la.
Epi nou konprann gou amè yo genyen lè yo sonje Premye Kanon an ki te kite mak li nan Bib la lèl entwodwi kèk chanjman . . Se te sèlman kòmansman an sa. Imedyatman te gen plizyè lòt modifikasyon. Pami dènye yo nou genyen TRAVAY18:21 ... "…li enperatif ke mwen fete fèt la kap vini an nan lavil Jerizalèm." Sègman sa-a te konplètman efase nan vèsyon Bib yo ki fenk soti-a: NEW KING JAMES BIBLE, NIV BIBLE, NEW JERUSALEM BIBLE, pou nou sèlman site detwa.
Sa a kirye. Nou te enkye pou nou kapab konnen non fèt la san pou otan minimize zak frod sa a..
Pawol Pòl la trè siyifikatif "... fòk esansyèlman .." Sa a enplike ke se te youn nan fèt sakre Gran Mèt la ke nou twouve nan Levetik. Men, si se konsa, poukisa retire yo nan Ekriti Sent lan? Fòk w alèt frè mwen, espri malen ap frape nou toupatou.
Piè te konsyan de sa, lè li mete nou an gad kont fo entèpretasyon nan ekriti Pòl yo. "..Konprann sa byen, se pou nou ka sove kifè Seyè a ap pran tout pasyans sa a ak nou. Se sa menm frè Pòl, bon zanmi nou an, te ekri nou dapre bon konprann Bondye te ba li a.
16. Nan tout lèt li yo, li pale nou sou bagay sa yo. Gen kèk pwen ladan yo ki difisil pou konprann. Se konsa, moun iyoran yo ak moun ki fèb nan konfyans Bondye yo ap tòde sans pawòl yo, tankou yo fè l' pou lòt liv yo tou. Men, se sa menm k'ap fin pèdi yo.
" (2Pyè 3:15-16)
Ak nenpòt lòt pawol, Pie te kapab mennen nou kesyone Ekriti Levetik yo kote Gran Mèt la te ban nou preskripsyon'l yo ki dwe egzekite pa sèlman nan dat li ban nou men egalman pèpetièlman
"Pèpetièlman" retire tout anbigite. Li souzantan ke yo pa gen limit nan tan an.
"Dat fiks" kote pa li souzantan ke se yon kalandrye ki pa dwe pou chanje. Konyèr se moman pou nou sijere avètisman ki te bay nan pwofesi Danyèl DA 7:25
Annou retounen nan remak Piè a. Li refere nou san dout nan COL 2:16-17 kote Pòl tap fè yon mizopwen sou jou saba a, jou festival yo ak
nouvèl lin nan ki pou li se lonbraj bagay kap vini.
Nou byen konprann entèvansyon’l, dayè li te menm pi klè lè li tap bannou presizyon nan HEB 10 «Lalwa Moyiz la pa t' menm yon bon pòtre bagay ki la tout bon yo. Se yon senp lonbraj benediksyon ki gen pou vini yo li ye. Moun ki pwoche bò kote Bondye avèk menm kalite ofrann bèt y'ap plede ofri chak lanne san rete a, moun sa yo, lalwa pa ka fè yo vin bon nèt.”
Konvenki ke sakrifis Pitit Bondye pa lanmò l te chanje modalite nan prèskripsyon Ekriti Levetik yo san li pa pou otan anile yo, Pòl te santi li oblije pouse yon son pou alame tout moun.
Se konsa, li fè pawòl ak aksyonli fè yon sèl, lèl deklare nou ke li dwe absoliman selebre fèt kap vini an nan vil Jerizalem! Brèf!
Mete de kote anpitasyon yo bay TRAVAY 18:21 ki te kenbe atansyon nou, fòk nou siyale wou ke JAN 19:31 te sibi menm sò-a. Se konsa
fèzè bib yo tap chache mete do a do Ansyen ak Nouvo Tèstaman malgre sa apot yo te di, yo ki te viv epòk-la.
    SWIV NAN JAN 19