Nouvel Lin! Se yon mèvèy nan nati a ki fè nou rete bouch be si tèlman ke nan kèk kilti nan mond lan lèzòm te pranl pou bondye yo. Astrològ yo ak syantis, bò kote pa yo, kontinye pouswiv rechèch yo pou yo antre nan sekrè'l.
Ki sak pat di sou lalin lan ki gen kòm dat egzistans li tounen nan 4yèm jou nan kreyasyon mond lan e ki salye nou chak jou ak yon figi ki diferan. Sa ki plis fasinan an, sè ke Nouvèl Lin nan te fè anpil lank koule! Li parèt yon fwa chak mwa byenke syantis yo di otreman. Vrèman save yo ap pèdi tan yo nan eseye senkronize laboratwa yo ak pa Gran Mèt la.
Ki sa Sent Ekriti yo di sou Lalin Nouvèl la?
Nou pap sispann pale de Danyèl 7:25, ki te prevwa ke moun pwal eseye enmède Tan-an ak Lwa yo. Se konsa nou eksplike poukisa 364 jou kalandriye Enòk pat gaye. Se konsa nou eksplike poukisa 4 sezon ki genyen 91 jou chak, separe pa yon mwa ki genyen 31 jou chape nou tout. Se menm bagay la tou pou Nouvèl Lin an ki ta dwe fete chak sezon an, menm jan Jibile 6:23 rapòte’l e nap tradi'l pou ou : "Nouvel Lin nan 1e, 4yèm, 7yèm ak 10yèm mwa a se jou ferye nou dwe selebre pou toujou".
Nou te jwenn pratik sila nan Nouvo Testaman an kòm nan Ansyen an, si nou al gade nan: 1SAM20:5, 18, 24, 27, 28, 34,35,  Colosien 2:16-17,   Resansman 10:10,   Ezayi 66:22-24,  Sòm 104:19   Sòm 81:4 ,  Sòm 82:5

2ISTWA 8:12 Salomon te ofri bèt pou yo boule nèt pou Bondye sou lotèl li te fè bati pou Seyè a devan Tanp lan.
13 Li ofri bèt pou yo boule nèt pou Seyè a, dapre lòd Moyiz te bay nan lalwa a pou chak jou fèt: pou jou repo yo, pou jou lalin nouvèl yo, ak pou twa gwo fèt yo fete chak lanne yo, ki vle di: Fèt Pen san leven yo, Fèt Rekòt yo ak Fèt Joupa yo.   
TOUNEN NAN TRAVAY 18