Nou mete tèt nou sou travay pou nou kapab ale pi fon nan Levanjil Jan 19:31 an. Pou sa a, nou te fè yon konparezon ant divès kalite bib kote, angro, nou jwenn menm diskou a. Sepandan, nou te note yon karakteristik patikilye ke nou vle pataje avèk ou. "Rechèch sou Jan 19" te prezante ba wou menm jan li te fèt pandan ke nou pran swen pou nou ka souliye pou wou kèk spesifikasyon ki kenbe atansyon nou.
Premyèman, tout bib yo ke nou konsilte, nan yon lang plizoumwen nianse rapòte ke jou saba a ki asosye ak lanmò Kris la se yon Gwo jou Saba, yon jou Solanèl, yon jou Saba Espesyal, Espesyalman Enpòtan Saba. Li nesesè pou nou mansyone ke 2 nan 30 referans nou yo ki gen ladan èspesialman GOOD NEWS Tranlation ak New English Bible W / APOCRYPHA, idantifye jou sa a nan Friday (Vandredi) kòm yon jou preparasyon saba-a, pandan ke yap mansyone ke se yon jou Saba Espesyalman Sakre. Sepandan, New World nan Ekriti Sent Temwen Jewova bannou yon presizyon lèl refere nou nan LEV 5-7 kote nou li:
5 Nan premye mwa a, nan 14yèm jou nan mwa a+, apre solèy la fin kouche, anvan l fin fè nwa*, n ap fete fèt Pak la+ pou Jewova.
6 “‘Nan 15yèm jou nan mwa a, n ap kòmanse fèt Pen san ledven an pou Jewova+. Nou dwe manje pen san ledven pandan sèt jou+.
7 Nan premye jou a, n ap reyini pou nou adore Bondye+. Nou pa dwe fè okenn gwo travay nan jou sa a.”
Nan fè sa, Temwen yo te gen gason sou yo pou yo kanpe an fas a Vikè Wòm lan. Nou ta renmen pou yo fè sa tou nan pwatik yo. Nou ta renmen ke yo sijere tou kowolè a Lev 23:5-7 ki se Lev 23:4 kote nou li:
Lev 23:4 “‘Men fèt Jewova mande pou nou selebre yo, yon seri fèt nou dwe anonse nan moman ki fikse pou yo a kote n ap reyini pou nou adore'l.
Nou pito tradiksyon Anglè an ki pito pale de "appointed time",(nan lè randevou-a) La nou gen presizyon. Se yon langaj ke nou tout konnen. Ki moun ki pat janmen gen opòtinite pou gen yon randevou. Sa enplike yon tan espesifik, yon moman presi. Pi byen ankò, dediksyon lojik la sè ke nan epok sa-a te gen yon lot orè ak yon kalandrye fix. Chapit nou sou Tan ap ba wou plis presisyon.
Lè nap sonje a TRAVAY 18:21 anko plis a JAN 19:31 ke yo falsifye pou menm rezon: mete ANSYEN ak NOUVO TESTAMAN-AN DO A DO nou tonbe nan laperèz. Yon laperèz ki ogmante anko plis lè lide nou te tonbe sou yonn nan dènye evènman nan istwa mond lan. Nou vle pale de dekrè Tribinal Siprèm nan peyi Etazini ki pèmèt omosèksyèl marye antre yo. Gen kèk gro legliz ki bat bravo pou desizyon sa a. Nou antisipe chanjman nan anpil liv biblik yo pou bay desizyon sa-a jarèt. Yon moun ki gen konprann, Konprann!


RETOUNEN NAN MENI-A