Nou gen anpil rezon pou nou ka fè yon ti reflèksyon sou mo YAVEH (HYWH) a ke nou jwenn sou anpil bouch kap envoke GRAN Mèt la.
Gen kèk moun ki fè’l pa inyorans. Yo jis swiv evanjelis yo ki pa devosyon nan kèk kòz, pa te gen kouraj pou yo fè voltefas. “ Benediksyon pou moun ki ka tolere dezentoksikasyon."
Lòt yo, sepandan, ki kenbe achiv istwa a pa aji yon fason diferan byenke yo konnen ke nan aksyon sa-a, yap adore bondye, moun Kanaran kòm yon ranplasan pou non Gran Mèt la.
Pou jistifikasyon yo di, non Gran MÈT la twò sakre pou yo dil tout la sent jounen.
xsa nou konnen sou sijè sa a? Gade dèyè sou evènman yo bò kote dezè Sinayi a, nou ka wè Arawon granprèt la ki fatige nan ap tann pou Moyiz retounen,
yon Moyiz Gran Mèt la te rele sou mòn lan. Finalman, Aawoni bati yon lotèl ke li dekore ak yon ti bèf nan kas an fè. Lèl fini,
li di pèp la Ex 32:1-8 "...demen n'ap fè yon fèt an lonè YHWH...". Finalman li te finn pa fòse moun pèp Izrayèl yo pou yo retounen nan ansyen koutim yo, adorasyon zidòl tankou bondye pèp Kanaran, tankou bondye moun peyi Lejip yo, tankou bondye babiloniyen yo.
Ki jan nou ka inyore manipilasyon sibtil Mazorèt yo ki te adrwatman ekri nan Bib la tetagramaton sa-a "YHWH" pou envoke Bondye Siprèm lan.
Kiryozite monte nou lè nou wè, YHWH te itilize anpil an asosyasyon ak dye payen yo nan liv Kaballah la ki pa lot bagay ke
breviè mistik Mazorèt Jwif yo ki gen lekòl yo jouk jounen jodia. Nou ta vle prezante ou yonn nan pwezantasyon yo, konsa ou ka pote jijman pa ou. VRÈMAN YO KAPAB!
Madichon pou ou ki kwè
ou kapab sèvi de mèt an menm tan. Pou plis limyè, nou fè yon kout jé nan Diksionè STRONG
ki se yon pon nan tradiksyon bib la nan lang Ebre ak nan lang Grèk. Me referans yo nou kenbe pou wou.
H3068/H1193: YHWH, JEHOVA; 
H1167/GK896:BAAL;  H1176: BAAL-ZEBUB;  H1183: BEALIAH; 
GK897: BABYLON;  Gk903: BALAHAM;  Gk955: BELIBA-AL, EL, ASHRAH   H3050:
JAH  H1933: CALAMITY, DESASTER;   H1962/GK2320: DESTRUCTION, DEITY, DIVINITY
  H1942: HAWWA, EVIL, WICKEDNESS, INIQUITY 
Nou kwè ke frè Izrayelit nou yo fè yon trè bon travay sou sijè sa a. Alò nou envite ou a gade video yo ke wap twouve nan libreri nou..
LÒT PAJ LA: GRAN MÈT LA--OUBYEN-- VODOUOLOG
|