Yon eleman komen lakay tout kretyen vivan sè ke yap adrese yon 'Pè Selès' alò ke yo konplètman inyore non an. Nati-a pa chita kole ak vakyòm. Move zèb pa pran tan pou yo laye kò yo nan jaden abandone. Se konsa, nou eksplike poukisa tetagrammaton "YHWH" Mazorèt la gaye teren. Nou jwenn li yon ti jan nianse ak evolisyon lang e tan an: YHWH, YAVEH, JEWOVA jist pou nou nonmen kèk.
Egsistans non YHWH nan mond payen an, jan temwayaj Diksyonnè Bib STRONG lan bannou'l, li ki yon otorite nan règ tradiksyon bib nan lang ebre ak grèk, fini pa konvenk nou ke non YHWH sa a pa ka repwezante an menm tan antonim: ÈT SIPRÈM/SATAN.
Nou kwè nou gen pou devwa pou nou kapab kontinye etid la pou nou ka finn pa idantifye non Gran Mèt la ak Ekriti yo nan men. Sa Moyiz revele nou lèl'l tap chache konnen non an?

Pou plis presisyon n'ap refere ou a alfabèt ebrayik ke Moyiz te konnen an.
Sa se yon temwayaj byenkanpe ke non Gran Mèt la se:
AHAYAH
E ALÒ POUKISA LI DIFERAN?     --OUBYEN-- TOUNEN NAN MENI A