H3068/H1193: YHWH, JEHOVA;  H1167/GK896:BAAL;  H1176: BAAL-ZEBUB;  H1183: BEALIAH;  GK897: BABYLON;  Gk903: BALAHAM;  Gk955: BELIBA-AL, EL, ASHRAH   H3050: JAH  H1933: CALAMITY, DESASTER;   H1962/GK2320: DESTRUCTION, DEITY, DIVINITY   H1942: HAWWA, EVIL, WICKEDNESS, INIQUITY 
Référence: THE TWO BABYLONS by Alexander Hislop


Alò ke nou tap kontinye rechèch nou pou nou konnen sak kache dèyè mo YHWH, nou te gen chans pou nou kapab voye yon kout je nan "Dye Sòsiyè Yo", (THE WITCHES ’ GODS) yon liv ki te gen pou otè Janet ak Stewart Farrar. Nou kwè nou dwe pataje ak ou yon revelasyon revoltan nou li nan paj 50.
"Inivè payen an, jeneralman,te genyen tolerans lakay li, panteon yo te konsidere yo endepandan youn de lòt e yo te represante zònn ke yo ye a e ke yo ka viv san chire pit san yo pa ènemi. (Eske se ta va tèknik Vikè Wòm te chwazi pou fè promosyon konviksyon relijiez li.)
E otè yo koninye: Sepandan kote pa Ebre yo, bondye pa yo, pat gen tankou li e se te vrè Bondye a. Nou ka di ke yo te sanble kondisyone oubyen gide pa pridans pou yo te ka konsidere lòt dye yo kòm enferyè a yo. "Bondye kanpe nan mitan konsèy ki nan syèl la, li kanpe nan mitan bondye yo, l'ap jije." (Som 82:1) E non Baal ki tou sempleman siyifye « Sèyè » te souvan itilize pou Yahweh e nan plas li. - se pat yon sipriz, paske Yahweh e dye kananit yo, kòm Baal ak EL yo te genyen ampil trè ki komen. El ki te vinn avan tout lòt dye yo, te limenm, dye prensipal la. Baal te represante aspè agrikòl ak anviwonmantal yo; li sanble'l te pi enpòtan ke Levit yo ki te privilejie kote lèzòm.


TOUNEN NAN YAVE