Nou kontan wè ou ap vizite sit wèb NOU IZRAYELIT YO.
Toujou sou sijè a make nan Danyel 7:25 kote li pale nou de transgresyon lèzom, nou te panse li nesesè prezante ou yon lòt egzanp. Nou vle pale de lanmò.
Lanmò genyen pou definisyon absans siy vital nan yon èt vivan. Lè sa a nou gen afè ak yon kadav.
Premyèman, yon rapèl sou kreyasyon lèzòm. "...Se pou nou fè moun nan pòtre ak nou, pou li sanble ak nou..."   Jenèz 1:26 Gran Mèt la te di. Pawòl sila enplike ke a matyè a, li te ajoute souf diven an ki, lè'l ale bwachat, kite deyè'l kò a, yon mò, enpirite si nou vle ize lang bib la.
Douvan dram pwanyant sa a, emosyon te rive nan yon pwen si wo ke nou te bliye nou anfas yon aksyon Gran Mèt la: sispansyon lavi.
Li enpòtan pou di ke pa gen anyen ki te omèt pou ede nou fè fas a deblozay nan lavi a. Ke se swa nan Ansyen oubyen Nouvo Tèstaman an, nou toujou jwenn menm diskou a. Mak 12:27 te trè klè sou sa: " Bondye se Bondye moun vivan li ye, li pa Bondye moun mouri. Nou wè nou nan lerè anpil, pa vre?" Pa gen oken lòt pawòl an dezakò ak sa a si nou al gade nan Levetik 22: 4 Resansman 6: 4-6, Resansman 19:11-22, Ezekyèl 9:6-7, Ezekyèl 43:7 Ezekyèl 44:22-26
Pou rasire'l ke lòt sakrifikatè tankou li te nan menm paj, Aje te kwè se te nesesè pou'l ouvri yon dyalòg sou sijè sa a. "... Aje mande yo: -Lè yon moun pa nan kondisyon pou l' sèvi Bondye paske li te manyen yon kadav, lèfini si li manyen yonn nan kalite manje sa yo, èske sa ap fè manje yo pa bon pou sa pou moun ki nan kondisyon pou sèvi Bondye? Prèt yo reponn li: -Wi!   Aje 2:13
Eksplwatasyon youn ak lòt te evidan. Gen kèk rèl ki bay sou sijè sila kote yo kalifye de komèsyalizasyon sinik nan safè kadav kap prezante nan kay Bondye a. Pratik sa a dat tounen nan epòk peyi Lejip tap domine mond lan. Women yo swiv koutim lan lè yo konsakre 2 Novanm pou jou lanmò yo. Sa a se travay la ke nou rekonèt mason an.
Pèmèt nou raple ou ankò Mark 2:27 ki mache kòtakòk ak Mak17 "...Bay Seza sa ki pou Seza, e bay Bondye sa ki pou Bondye" Konsènan yon kadavkò, Seza mete taks li jan'l vle. Se yon pratik ki ka chanje de yon peyi a yon lòt. Tanporèman li gen dwa sou kadav la.Brèf!
Toujou ak Ekriti Sent yo kòm gid,( Resansman 9:4-11) nou ka pwoklame, byen fò, ke konsèvasyon kadav nan mozole nan simityè a se yon rezilta malpwòpte nan manifestasyon pi gwayil li yo.
Toujou mèkantilis la! Ankò mèkantilis la! Nou menm tou, nou wè nan zak sila yon manipilasyon sibtil Satan an ki jwe sou emosyon lèzòm pou'l fòse yo mete yo dozado ak egzijans Gran Mèt la.
Sak rete nan tout pawòl sila sè ke salte asosye a kadav tankou vyolasyon sanktiyè Bondye a pa genyen konpwomi nan yo dapre ekriti bib la.

TOUNEN NAN SAM/DIM