
"Nati a pa tolere vakyòm'. Se yon verite inivèsèl ke tout moun konnen e ke Satan, te sanble, lajman èksplwate si nou konsidere imaj zidòl yo ke yon bann ak yon pakèt moun ap
adore malgre entèdiksyon fòmèl Gran Mèt la bay.
Ki sa levanjil yo rapòte sou sijè sa.
Nou konnen ke zanj rebèl la, apre li finn pran Adan ak Èv nan pèlen pa't wotire Jezi nan ajanda'l.
Li te menm eseye pyeje pitit Bondye a nan pasaj li sou tè a. "OU PA SONDE Seyè, Bondye a".
Nou kwè ke Satan ta fè tout bagay poul ebranle fwa nou.
Se-remak sa yo nou genyen ki ka pèmèt nou konprann kèk mèvèy ki te sipran tout mond lan. Pou yon ilistrasyon nou ka pale de estati fanm ak dlo nan je'l. Pou plis presisyon nap
site manman pitit Bondye, Vièj MARI kondit kretyen ki gen fwa katolik la.
Nou pa vini la pou nou kesyone byen fonde koze sila, dayè nou konnen nan inivèsite yo genyen disiplin
nan aplikasyon yo, menm rezilta a ka soti.
.
Nou genbe fèm ke nou anfas yon kokenchen vyolasyon prèskripsyon Gran Mèt la. Ki moun ki trennen nou la?
Dim si se te yon bonis ke lòm te resevwa nan prezantasyon sa a ki gen yon sous "diven" oubyen "satanik"
Nou espere ke frè kretyen nou yo ki anba otorite vikè Wòm lan,
kapab ouvri je yo gran ; Lè sa ya ran yo kont ke pay la te twouve'l nan mitan yo.
Nou espere ak tout kè nou, ke kretyen yo, disip Vikè Wòm lan, reyalize ke jaden yo te boure ak raje, otreman ya va jwe wòl bouki nan teyat lavi a.