
Nou kontan wè ou ap vizite "Nou, Izrayelit Yo" chapit Saba-a. Te genyen yon swa, te gen yon maten, sete 7yèm
jou kreasyon mond lan
JEN 2:1-3, se yon jou repo ki konsakre a GRAN MÈT la
EX 20:8-11 ,
EX 35:1-4 "...se pou nou mete setyèm jou a apa pou Bondye,
se jou saba ki apa nèt pou Seyè a..."
Nap pale konyèr de saba èbdomadè a, men fok nou pa bliye Gran Mèt la te pale de plizyè saba si nou gade nan
EX 31:12-18
"...Se pou nou respekte jou repo mwen yo, paske se va yon siy ant mwen menm ak nou menm, ak tout pitit pitit nou yo, pou fè konnen se mwen menm, Seyè a, ki mete nou apa pou mwen ..."
Saba-a fè koule anpil lank. Se yon pil ak yon pakèt moun ki kwè
ke Saba-a te la sèlman pou Izrayelit yo, sepandan lèkti ke nou fè nan
IZAYI 56:1-8 apran nou yon lot bagay "...3 Yon moun lòt nasyon ki va kole
kò l' ak pèp Seyè a pa fèt pou di: Seyè a p'ap kite m' fè sèvis pou li ansanm ak pèp li a! "
Ki jan nou ka vag entèvansyon divin an, laman ki te soti nan syèl la pou pèmèt moun Izrayèl yo travèse san difikilte dezè-a pandan yon peryòd de 40 ane san yo
pat vyole lwa jou repo a.
EX 16:22-36
Fok nou ka souliye ke Mesi-a ak tout apot li yo te sanktifye saba e ke Danyèl, bo kote pali, te prevwa transgresyon jou sa. 
 
LIK 4:16-20  
TRAVAY 13:42 & 16:13 & 17:2
Kote chirepit: Samdi Dimanch la soti?
Jwif yo ki te vini apwe l' forcé dis'l: "Fok nou pa fè yo peri
nan yon fason si sovaj ak barbar konsa, men, rann glwa a jou sila ke Gran Mèt la kap veye sou tout bakay
te chwazi pou nou sanktifye de preferans."
3 - lè sa a, mechan volè trip sila te mande
si te gen yon chèf nan syèl la ki
te pweskri pou yo te selebwe jou repo." 4 -Replik la te klè: " Se Grand Mèt, souverain nan syèl la,
ki te bay lòd pou yo voye lèzye sou setyèm lan jou yo"      2Makabe 15:2-4