Si nou konpare kalandriye Enòk ak pa Gregwa a, n'ap remake ke rèspèktivman 9yèm mwa e mwa Desanm lan yo idantik. Fòk dabò nou presize ke nan kalandriye Enòk la, mwa yo reprezante pa youn oubyen de chif, mete de kote 1 mwa ki genyen non Abbib, yon non ke Gran Mèt la, limenm te bali. Anplis de sa nap di tou ke payen yo te bay lòt mwa yo non yon divinite ki soti nan tablo dye yo. Se konsa 9yèm mwa a pote non "KISLEV" e 4yèm mwa TAMOUZ.   EZEKYÈL 8:12-16.
Ki sa nou konnen de 25 jou nan mwa sa yo.

Ann kòmanse ak 25 Desanm, jou Nwèl la dapre vèsyon an ki nan lavil Wòm ki te fè koule anpil lank, anpil saliv. Se jou sila ke yo bay pou dat nesans Mesi-a.Yo selebre an gran jan ak tout òneman yo nou konnen an. Nan tout istwa a yo pale de yon nònm ki gen yon bab blan. li desann sot nan syèl la pou'l pote kado nan non an Jezi. Ansyen Kire ki te gen la mayèt la nan vil Wòm te eseye korije erè sila lèl deklare "25 Desanm se pa yon dat ki make nan istwa a". Malerezman, tantativ sila pat mòde dayè Kire a limenm te twouve'l echwe. Si ak 6 rekòlt kafe nan tèt yon timoun kwè ankò nan pawòl sila fòk nou ka panse a yon desekilib nan sèvo ki ka posib. Men sak pi rèd, nou twouve gro gran moun ki wè klè e yo konpran, men yo pa kapab soti anba kò sila. Sa se temwayaj, travay satan kon byen chita pafwa. Nou kwè nou di ase de 25 Desanm lan ki dayè nan kalandriye a depi 21 syèk.

Sa nou konnen de 25yèm jou nan 9yèm mwa a

San konte nesans Mesi-a ke nou jwenn sou 25 Desanmb, manifestasyon yo nan de jou ferye sa yo prèske menm jan. Fòk nou note ke 25yèm nan 9yem mwa se jou fèt DEDIKAS ki dire 8 jou. Se komemorasyon viktwa Makabe yo fas a moun Lagrès yo,se viktwa dwa kont fòs, se viktwa limyè sou fènwa a. Yo te mennen batay sila pou yo ka lib pou sèvi Gran Mèt la. Pou aprann plis, vizite referans biblik sa yo:  1Makabe 4:49-59  Jan 10:22-30  Travay 3:9-11   Travay 5:12.
TOUNEN NAN KALANDRIYE A
--OUBYEN--
IDOLATRI