AVÈTISMAN!
1.
Limanite itilize jouk jodya divès kalandriye.
Epi tout Kalandriye-yo pa inivèsèl. Sa pat ka yon sipriz pou nou paske DA 7:25 te predi dasomann sa-a: lòm pral chanje lwa ak Tan-an.
Men jodya, nou sèvi ak kalandriye Gregoryen-an depi ane 1582 epi sibtilman ak kalandriye Jwif la ki nan selebrasyon
fèt li yo paralize mond-lan. Sa klè tankou dlo kòk ke nou pa an konfòmite ak lòd
Gran Mèt la ki òdone ke limanite selebre fèèstival li yo nan tan fisk ke li bay.
 
Mat 19:28; 
ACT 3:21 .  Jibile 6:31-32,.  Enòk
72:31-33
2. Nou antisipe premye kesyon ou ka genyen.
Nou menm stime'l ase lejitim.
Poukisa premye jou nan ane-a kòmanse nan yon Jedi?
Repons lan depann de anpil lòt ki gen rapò ak 3 jou e 3 nwit
Mesi-a te pase nan tonb. Tou lède pral konplètman
eksplike nan pwochen paj la paske konpreyansyon-yo
kondisyone amoni-an nou tout ap chèche ak Gran Mèt-la.
KALANDRIYE ENÒK LA --OUBYEN-- 3 JOU & 3 NWIT
Egzod 19:(14-18)14 Moyiz desann soti sou mòn lan, l' al bò kote pèp la. Li fè yo mete tèt yo nan kondisyon pou fè sèvis pou Seyè a. Yo lave rad yo.
15 Apre sa, Moyiz di yo: -Pare nou pou apre denmen. Pa kouche ak ankenn fanm.
16 Sou twazyèm jou a vre, nan granmaten, loraj t'ap gwonde sou mòn lan. Te gen zèklè ak yon gwo nwaj byen pwès sou mòn lan tou. Yon twonpèt t'ap kònen byen fò. Tout moun t'ap tranble kou fèy bwa kote yo te ye a, sitèlman yo te pè.
17 Moyiz fè pèp la soti kote yo te moute
tant yo a pou y al kontre Bondye...