Sak Pase Nan 25yèm Jou-a:    1MAKABE 4:49-59 | |
49 yo fè lòt veso nèf pou sèvis nan tanp lan, yo mete gro lanp sèt branch lan,lotèl lansan an
ak tab pou pin yo ofri bay bondie-a anndan anndan tanp lan. 50nyo boule lansan sou lotel la, yo limin set
ti lanp gro lanp set branch yo ki klere toutandedan tanp lan, 51 yo mete pin yo ofri yo sou tab la, yo pandie rido yo,
lefini yo sou tab la, yo pandie rido yo, lefini yo fe tout sa yo te ba yo fe.
52 jou ki te make vinnsink nan neviem mouan -a, ki vle di moua kislev la, nan lanne sankaranntouit (148), yo leve granmatin,
53 yo ofri bet pou yo touye daspre laloua, epi yo boule yo sou lotel nef yo te bati pou sa-a. 54 se konsa, yo mete lotel nef
la apa pou sevis bondie ,antan yo mete yo tap chante chante , yo tap joue bandjo, gita ak sinbal, minm dat jou pou jou moun
lot nasion yo tederespekte ansyin lotel la. 55 tout pep la mete ajenou ak tet yo bese jouk ate, yo tap adore bondie. apre sa,
yo pran fe louanj bondie nan siel la ki te fe yo gingnin batay la.
56 pandan ouit jou yo fe fet pou lotel yo te mete apa pou sevis bondie-a anko. Avek ke kontan, yo ofri bet pou yo boule net pou bondie,
ak bet pou yo touye mande bondie padon ak pou di-l mesi. 57 yo dekore tout fasad tanp lan ak kouron lo ak plak protej. yo reparew potay
yo ak pies kay kote pou pret yo rete-a, yo moute batan pot yo. 58 jouif yo te kontan anpil paske yo te ouete laront moun lot nasion yo te
fe ya-a. yo tap fe fet. 59 le sa-a, jida ak fre-l yo ansanm ak tout pep izrayel la pran desizion pou chak lanne nan minm dat la pandan ouit jou pou yo fe gro
fet ak ke kontan pou lotel la yo te mete aspa pou sevis bondie-a anko. fet la va konmanse jou ki make vinnsick nan moua kislev la.
|
JAN 10:22-30 |
22 Se te nan mitan sezon fredi. Yo t'ap fete fèt Dedikas la nan lavil Jerizalèm.
23 Jezi t'ap ale vini anba Galeri Salomon an nan tanp lan.
24 Jwif yo sanble bò kote l', yo di l' konsa: Kilè wa wete nou nan doutans sa a? Si ou se Kris la, di nou sa kare kare.
25 Jezi reponn yo: Mwen deja di nou sa, nou pa vle kwè mwen. Bagay m'ap fè yo, se avèk otorite Papa m' m'ap fè yo. Yo pale pou mwen.
26 Men, nou pa kwè paske nou pa fè pati mouton m' yo.
27 Mouton m' yo koute vwa m', mwen konnen yo epi yo swiv mwen.
28 Mwen ba yo lavi ki p'ap janm fini an. Yo p'ap janm peri, pesonn p'ap janmn ka rache yo nan men mwen.
29 Sa Papa m' ban mwen an pi gran pase tout. Pesonn pa ka rache anyen ki nan men Papa a.
30 Mwen menm ak Papa m', nou fè yon sèl.
|
TRAVAY 3:9-11 |
9 Tout pèp la te wè l' ap mache, ap fè lwanj Bondye.
10 Lè yo wè se te nonm enfim ki te konn chita bò Bèl Pòt la ap mande lacharite a, yo tout te pè. Yo sezi anpil pou sak te rive l' la.
11 Nonm lan pa t' kite Pyè ak Jan yon pa. Tout moun te sezi, yo kouri vin jwenn apòt yo sou Galeri Salomon an.
|
TRAVAY 5:12-16 |
12 Apòt yo t'ap fè anpil mirak ak anpil bèl bagay nan mitan pèp la. Yo tout te reyini ansanm anba Galeri Salomon an.
13 Tout moun te pè mele ak yo, apa moun ki te kwè yo. Men, pèp la t'ap pale byen sou yo.
14 Anpil moun, fanm kou gason, t'ap vin jwenn disip yo paske yo te kwè nan Seyè a.
15 Lè sa a, yo tanmen pote moun malad yo deyò nan lari. Yo mete yo sou kabann, sou nat, yon jan pou lè Pyè vin ap pase menm lonbray li te ka kouvri kèk nan yo.
16 Moun te soti nan tout ti bouk ki nan vwazinaj Jerizalèm. Yo pote moun malad ak moun move lespri t'ap toumante. Yo tout te geri.
|
     TOUNEN NAN KALANDRIYE-A     
|
|