Nou kontan wè ou ap vizite sit wèb:"NOU IZRAYELIT YO".
Nou vle etabli korelasyon ki genyen ant Bib la ak
Teoloji. Si Teoloji se fouye chache konnen sak genyen nan bondye yo alò ke Bib la, kote pal, se enspirasyon Gran Mèt la, nou kwè fòk genyen
yon rapò ant lède.
Egzistans diferans ki genyen nan Bib yo mennen nou nan kesyon idantite moun sila ki aktyèlman gen otorite sou Ekriti yo. Kesyon an te plis mangonmen
lè nou wè ke dezòd toujou nan kan teolojyen kap defan tèt kale kwayans relijyon yo.
Men ki kote otorite sou pawòl Bib la soti?
Mond kretyen ki domine pa Vikè Wòm lan pap ezite pou refere nou nan
Matye 16:18 kote li di: "Ou se Pyè e sou wòch sa a m'ap bati legliz mwen an ..."
Ki wòch sa a? nap mande.
Pandan ke nap fè zorey di sou repons ke disip fwa relijye sa a ta va bannou, enpirasyon Gran Mèt te mennen nou fè rechèch nan Sent Ekriti yo.
E se te konsa nou te twouve nou nan
1COR10: 1-4 kote nou li: "...e wòch sila se te Krist". Revelasyon si la te ranfòse nan
PS 118:20-23  MAT 21:42-43  EPH 2:19-20   IZAYI 28:16-17 kote an gwo nou te twouve menm langaj.
Pou yon pwen final, nap di ke wòch la pate lòt bagay ke dòktrin Mesi-a menm jan'l te enspire bay douz apot yo ak èd Espri Sen an. Kòman nou kapab fèmen je nou sou
revelasyon pitit Bondye kote li presante tèt li kòm pyè angilè a. Sak pi bèl, Li mete nou angad kònt tout lòt fondasyon.
MAT 7:26
(1Cor3:10-12)10 Dapre favè Bondye te fè m' lan, mwen travay tankou yon bon enjenyè, mwen poze fondasyon an. Yon lòt ap bati sou li. Men, se pou chak moun veye kò yo pou yo konnen ki jan y'ap bati.
11 Paske fondasyon an deja la: se Jezikri. Pesonn pa ka poze yon lòt.
12 Gen moun k'ap sevi ak lò, osinon ak lajan, osinon ak bèl wòch ki koute chè pou bati sou fondasyon an. Gen lòt menm k'ap sèvi ak bwa, ak zèb chèch, ak pay.
            
TOUNEN NAN MENI A