MENI
MENORA
BIB LA..
FÈT SAKRE
SENT EKRITI KACHE
TAN-AN
IDOLATRI
ESDRAS
613 LWA YO
REFERANS
REF. BIB-LA
LIBRERI NOU.
LIV ENÒK YO
JIBILE MOYIZ LA ..
FRÈ IZRAYELIT NOU YO
Nou kontan wè ou ap vizite sit wèb; "NOU IZRAYELIT YO. Mo "Teoloji" sila ki vinn nan tèt nou te fòse nou vizite yon lekòl kote ansèyman sila te ofri. . Nou te note kenan pwogram lan pate gen diskriminasyon. Gason tankou fanm te jita kòtakòt nan sal klas la pou yon lèkti. Mete dekote konèsans lan, objèktif final la pou elèv sa yo se genyen zouti yo bezwen pou yo kapab dirige yon legliz. Obsèvasyon sila enteresan anpil, dayè li pèmè soulve kèsyon sa yo: Èske tout teolojyen aspiran an akò avèk kòmandman Gran Mèt la? Ki sa Bib la di konsènan ansèyman sent ekriti yo?
Nou tout konnen ke douz tribi pèp Izrayèl la te konpoze premye nasyon nan mond lan. Yo te gen pou misyon pou yo pwopaje preskripsyon Gran Mèt la Ezayi 42:1-6. Èske se te yon konyensidans ke Pitit Bondye a, lè li te vizite nou, te chwazi 12 gason kòm apot pou pote flanbo a? Anseki konsène nou, nou pèp Izrayèl, nou kwè pa gen ripòste lè Bondye pale. Peryòd!
Ki jan nou ka bliye antretyen ke Èv ak sèpan te genyen nan Paradi Terèst la, déyè do Adan. Se konsa, jouk jodya limanite ap peye pri a chè. Jouk jodya lèzòm pa sanble aprann okenn leson paske erè sa yo repete nan lòt fòm. Sa ki frape nou plis se wòl aktif fanm nan sanktiyè Bondye a malgre enstriksyon fèm Pòl sou sijè sila ke nou te twouve nan 1Korint14. Apot la pa t ' mezire pawòl li:
34 fanm pa fèt pou pale nan asanble yo. Yo pa ba yo dwa sa a. Jan nou jwenn sa ekri nan lalwa Bondye a: se pou yo soumèt yo.
35 Si yo bezwen mande kichòy, y'a mande mari yo lè yo lakay yo. Non. Sa pa fèt pou fanm yo pale nan asanble a.
1Timote 2 te pi klè:
12 Mwen pa bay fanm yo dwa moutre pèsonn anyen. Yo pa gen okenn otorite sou gason. Se pou yo rete byen trankil.
13 Paske, se Adan Bondye te kreye anvan. Se apre li te fè Ev.
14 Se pa t' Adan Satan te twonpe, se fanm lan li te twonpe, se fanm lan ki te dezobeyi lòd Bondye.
Ke se swa JENEZ 3:16-17, EZEKYEL 34:3-15, 1TIMOTE 3:11-12, 1TIMOTE 4:1-2, 1KORINT 11:1-16 nou jwenn menm pawòl la omwen wòl fanm nan sanktiyè Bondye a byen defini. Anplis de sa, pou wou menm ki mande nou idantifye sa bib la di konsènan yon pastè toutbon, nou soulinye pou ou espesyalman entriksyon Pòl te bay Tit. Nou vle kwè ou va twouve ladan'l pwofil pastè ou ki absoliman sele oubyen ta dwe sele pa SentEspri. Kondisyon sa a vle di ke pastè a ak tout lòt parey li yo dwe gen menm enspirasyon Bondye. Sinon, nou envite ou pou antre nan kominyon ak Grand Mèt la: Papa nou ki nan syèl la...delivre nou anba satan... MT 6:13.
Kèlkeswa sa ou panse de remak si la nou sot bay la, sèl repons nou genyen: "Byennere moun ki ka tolere detòksifikasyon, wayòm Bondye se pou yo"

TOUNEN NAN BIB & TEOLOJI --OUBYEN-- NAN MENI A