PREMYE LIV PWOFET ESDRAS    
FRENCH       KOUTWAZI "NOU, IZRAYELIT YO"      ENGLISH
TRIBI LEVI YO

CHAPIT I

Wa Josias selebre fèt Delivrans lan

1. Wa Josias selebre grandyozman fèt Pasovè nan lavil Jerizalèm. Li prezante ofrann bay Seyè a. Se te katòzyèm jou nan premye mwa a.
2. Li rasire’l ke prèt yo ki te abiye dapre seremoni jounen an te nan plas yo, chak jou, nan Tanp Seyè a.
3. Li te pale ak moun Levi yo, sèvitè Bondye pèp Izrayèl la, pou yo te ka mete tèt yo nan kondisyon pou yo fè sèvis pou Seyè a, pou yo depoze Bwat Kontra Seyè a nan kay la wa Salomon, pitit David la, te bati a.
4. Li di yo konsa: « Piga nou pote Bwat Kontra a sou zepòl nou ankò. Konnyè a, se pou nou sèvi Seyè a, Bondye nou an, se pou nou sèvi’l ansanm ak pèp Izrayèl la. Epi, se pou nou menm, chak fanmi ak tout branch fanmi yo, prepare nou,
5. Dapre enstriksyon David, wa peyi Izrayèl la ki te bay lòd la e ke pitit li, wa Salomon te pèmèt nou egzekite. Pran plas nou nan tanp Seyè a ; chak mounn nan lè pa yo dapre jan yo te separe Levit yo demanyè aske yo sèvi Bondye TouPisan pèp Izrayèl la. Me sa w'a va di pèp Izrayèl la.
6. Pou nou selebre fèt Pasovè, fòk nou pare pou n' touye bèt n'ap ofri bay Seyè a ; fèt la dwe pou selebre dapre lòd Seyè a te bay Moyiz la.
7. Josias pran trantmil (30.000) ti mouton, twamil (3.000) ti towo bèf. Se sa, prèt yo ak moun Levi yo te resevwa kòm kado de li.
8. Kanta Helkias, Zacharias ak Syelus ki te rèskonsab tanp lan, yo te bay prèt yo, pou fèt Pasovè, demilsissan (2.600) mouton ak twasan (300) towo.
9. Jekonias, Samaias, Natanaèl, frè’l la, Assabias, Ochièl ak Joram, chèf tout lòt branch fanmi yo, bay mounn Levi yo reskonsab pou selebre fèt Pasovè senkmil (5000) ti mouton ak sètsan (700) bèf.
10. Lè tout bagay sa yo finn fèt, prèt yo ak mounn Levi yo ki t'ap pote pen san ledven an, te bay chak fanmi pòsyon pa yo.
11. Yo te fè tou sa pou yo te ka fè pou Seyè a, jan sa te ekri nan liv Moses la. Se konsa yo te fè l 'chak maten.
12. Apre sa, yo pase anba dife bèt yo touye pou fèt Pasovè a, dapre sa ki te ekri a: Pou sakrifis yo, vyann te bouyi nan yon chodyè an kwiv kote yon odè santibon te monte anlè.
13. Yo mete yo devan tout pèp la. Apre sa, yo fè preparasyon pou yomenm ak pou frè yo, prèt yo, pitit Aaron yo.
14. Prèt yo menm, bò pa yo, te rete jouk nan mitan lannwit lan yap sevi grès la. Moun Levi yomenm pare pwòp manje pa yo pou Aaron ak prèt yo, pitit Aaron yo.
15. Sanba yo tou, pitit Asaph yo, yo te plase, dapre non zansèt yo: Asaph, Zakarias ak Jeduthun, ki te reskonsab palè wa a.
16. Gad pòtay yo te nan chak pòt; yo pa t 'kite pozisyon yo pou sèvis òdinè yo, paske frè yo, moun Levi yo, te byen prepare yo.
17. Se konsa, jou sa a, yo te akonpli sakrifis Seyè a, pou yo te selebre fèt Pasovè a.
18. E, pou yo ofri bèt boule yo nan lotèl Seyè a, jan wa Josias te bay lòd la.
19. Lè sa a, moun pèp Izrayèl ki te la yo t'ap fete fèt Pasovè nan tan sa a, ansanm ak fèt Pen san ledven an pandan sèt jou.
20. Pasovè pat janm selebre byen konsa pandan tout tan pwofèt Samyèl la,
21. Tout wa peyi Izrayèl yo pa’t fete Pasovè tankou wa Josias, ansanm ak prèt yo, moun Levi yo, ak tout Jews yo ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo ki te nan lavil Jerizalèm.
22. Nan dizwityèm ane rèy Josias la, Pasovè te fete grandyosman konsa.

Wa Josias mouri

23. Tou sa Josias te fè, li te toujou fè’l ak tout kè li, se te yon lwanj pou Seyè a.
24. Konsènan sak te pase e nan tan yo te pase, yo te deja ekri pou siyale pechè yo ak mechanste yo kont Seyè a, mechanste yo ki te depase tout pèp ak tout wayòm ki sou tè a, san nou pa bliye plenyen yo te plenyen pou pawòl Bondye a ki te frape pèp Izrayèl la fò.
25. Apre tout zak Josias sa yo, Pharaoh, wa peyi Egypt la, janbe lòt bò larivyè Euphrates la,. bò larivyè Carchamis pou fè lagè. Josias soti al goumen ak li.
26. Lè sa a, wa peyi Egypt la voye mesaj bay li. Li di’l konsa: -Kisa’m gen avèk ou, Wa peyi Judea.
27. Seyè a, Bondye a pa voye'm isit pou'm fè lagè kont ou. Lagè’m se sou larivyè Euphrates la mwen pral mennen'l. Konnyè a, Seyè a kanpe la avè’m. Wi, Seyè a kanpe la avè’m, banm pase. Atansyon pou ou pa antò. Pa vire do ou bay Seyè a.
28. Men, Josias pa’t soti pou li chanje lide'l, li te deside pou'l batay ak wa peyi Egypt la san'l pa bay konsiderasyon a mesaj pwofèt Jeremy te pote nan non Seyè a.
29. E, se konsa, l'al batay ak li nan plenn Magiddo. Lè sa, prens yo revolte kont Josias
30. Epi, wa a di moun li yo: - Mete’m deyò. paske mwen trè blese. Menm lè a, domestik li yo pran’l epi yo retire nan chan batay la.
31. Apre sa, yo mete’l sou yon dezyèm cha li te genyen epi yo mennen’l tounen lavil Jerizalèm, Sela ke li te mouri.Yo antere’l nan kavo papa’l.
32. Tout peyi Judah a te nan gwo lapenn pou Josias. Pwofèt Jeremy te konpoze yon chanson pou lamante sou sò wa Josias. Lamantasyon sila te obsève pa tout chèf ak tout madanm yo depi lèsa a jouk jodya. Te gen yon pwoklamasyon ki mande ke sa dwe rete yon koutim nan pèp Izrayèl la pou tout tan.
33. Tout bagay sa yo ekri nan liv Istwa wa peyi Judah yo. Tout aksyon wa Josias te ogmante repitasyon’l epi yo te montre bon konprann li nan lalwa Seyè a. Tou sa li te fè anvan ak tout sa ki di de li konnyè a, yo rapòte nan liv la ki pale de wa peyi Izrayèl yo ak peyi Judea a.

Joachaz nonmen Wa

34. Konpatriyot Josias yo mete Joachaz, pitit gason wa a nan plas li. Joachaz te gen venndezan.
35. Li gouvène nan lavil peyi Judah ak nan lavil Jerizalèm pandan twa mwa jouk wa peyi Egypt la te met’l atè nan peyi Jerizalèm.
36. Lè wa peyi Egypt la finn retire’l nan pouvwa, li fè nasyon an peye yon amand ekivalan a sanmil (100.000) liv ajan ak yon (1) liv lò.
37. Apre sa, wa Egypt la mete Joacim, frè Joachas, wa peyi Judea ak nan lavil Jerizalèm.
38. Epi li arete Joacim ak tout gwo zotobre yo, men Zaraces, frè li, li mare'l e fè’l soti nan peyi Egypt.
39. Joacim te gen vennsenkan lè li moute wa nan peyi Judea ak lavil Jerizalèm. Li fè sa ki mal devan Seyè a.
40. Se poutèt sa, Nabuchodonosor, wa peyi Babylon lan, vinn atake’l, ak yon chenn an kwiv li mare pou’l mennen’l lavil Babylon.
41. Nabuchodnezzar pran vaz sakre Letènèl la ki te nan Tanp lan, li mennen yo nan tanp pa li, nan vil Babylon an.
42. Men, tou sa ki ekri sou wa Joacim, depi nan idolatri li jouk nan mechanste li, yo ekri nan liv Istwa wa Izrayèl yo.
43. Joacim te gen dizwitan lèl monte wa nan plas papa’l.
44. Li gouvène lavil Jerizalèm pandan twa mwa. Li fè sa ki mal devan Seyè a.
45. Se konsa, apre yon ane, wa Nabuchodonosor te fè’l tounen lavil Babylon avèk tout vaz sakre yo ki te konn itilize pou fè sèvis pou Seyè nan Tanp lan.
46. Li fè Zedechias, wa peyi Judea ak lavil Jerizalèm, li menm, li te gen venteyinn an. Li gouvène pandan onz ane.
47. Li te fè sa ki mal nan je Seyè a lè’l ale kont pawòl pwofèt Jeremy.

Lavil Jerizalèm tonbe

48. Wa Nabuchodonosor te fè’l fè sèman nan non Seyè a, wa Zedechias te refize kenbe pawòl li. Li vire do bay Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, li bay kòman
49. Gouvènè pèp la ak prèt yo t'ap fè anpil mechanste ak enjistis ki te kont lwa Letènèl la. Yo te aji pi mal ke moun lòt nasyon yo. jen yo te aji nan tanp Seyè.
50. Bondye zansèt yo te voye mesaj li poul mande yo tounen nan bon chemen an paske li te vle sove yo ansanm ak Tanp li a tou.
51. Men, lè Seyè pale ak yo atravè pwofèt li, yo ridikilize mesaje Seyè a.
52. Jiskaske nan pèsistans yo, Seyè a te fatige ak yo pou gwo mechanste yo, li bay wa Chaldeen yo lòd pou’l atake yo.
53. Se konsa yon bann jenn gason te pèdi la vi yo nan lakou tanp lan. Yo pat gen pitye pou pèsonn, yo touye granmoun, jenn gason, jenn fi, kit se timoun. paske Letènèl te remèt yo a volonte ènmi an.
54. Yo pran tout vesèl nan tanp Bondye a, gwo tankòu piti ansanm ak tout sak te genyen nan Bwat Kontra Letènèl la san bliye trezò wa yo e yo pote yo ale la vil Babylon.
55. Yo mete dife nan Tanp Seyè-a ak tout kote lansan an te konn boule a, yo kraze miray lavil Jerizalèm yo, yo kraze miray ranpa a.
56.Tout bèl òneman ki te bay Jerizalèm repitasyon’l, yo tout te pase anba dife. Nabuchodonosor pran tout moun ki pat mouri anba masak li a, li depòte nan vil Babylon.
57. Yo tout ak pitit yo te sèvi’l jouk Persians yo te pran pouvwa a dapre volonte Letènèl la, tankòu pwofèt Jeremy te anonse pawòl la :
58. Pandan swasanndi ane (70 ane) tè Izrayèl la te rete vid, li te pran repo pou tout jou repo yo pat janmen bali a.

Chapit 2


Wa peyi Siris bay Jews yo lòd pou yo kapab retounen nan peyi yo
1. Nan premye ane Wa Cyrus la ki t'ap gouvène Persians yo, pawòl Seyè a te anonse pa lentemedya pwofèt Jeremy an te manifeste.
2. Enspire pa Seyè a, Wa a fè yon pwoklamasyon bay tout wayom yo,
pwoklamasyon ke li mete sou papye tou.
3.Men mesaj Cyrus, wa Persians yo : Seyè a, Bondye Izrayèl la ki gen tout pouvwa a te fèm wa tout mond an.
4. Li ban’m rèskonsablite pou’ m bati yon tanp pou li nan lavil Jerizalèm nan peyi Judah a.
5. Se poutèt sa, si genyen pami nou ki fè pati de pèp li a, Letènèl la, Bondye pa yo a, ap kanpe ak yo. Lèsa a, ya va moute Jerizalèm nan peyi Judah pou yal bati Tanp lan pou Seyè pèp Izrayèl la paske se Seyè a ki rete lavil Jerizalèm.
6. Nenpòt kote chak moun sa yo ap viv, ke y’al mande vwazen yo èd. Lè sa a, ansanm ak lot bagay, va genyen lò, ajan ak lòt kado san konte chwal ak zannimo.
7. Ke yap mete dekote kòm ofrann pou Tanp Seyè a nan lavil Jerizalèm.
8. Lè sa a, chèf branch fanmi Judah yo ak moun branch fanmi Benjamin yo, prèt yo, moun Levi yo, ak tout moun ki te resevwa apèl Seyè a va mete yo nan wout pou y’al rebati Tanp Seyè a nan lavil Jerizalèm.
9. Anpil nan vwazinaj yo te bay tout kalite koutmen. Yo te pote ajan, lò, ak chwal san konte lòt bèt. Te gen latriye moun ki te pare pou ede nan bay ofrann ankantite.
10. Te gen yon lè, wa Nabuchodonosor te pran nan lavil Jerizalèm tout veso sakre tanp Seyè a. Li pote yo nan tanp zidòl li. Wa Cyrus voye chache yo epi li tounen ak yo.
11. Li mennen yo bay Mitridat ki te trezorye’l. e se dela ke
12. Yo renmèt yo bay Sanabssar, gouvènè peyi Jida a.
13. Me envantè a: mil tas (1000) lò, ak mil (1000) an ajan, ventnèf (29) recho an ajan, trant (30) boutèy an lò ak de mil kat san dis (2410) an ajan, ak yon mil (1000) lòt kalite bagay.
14. Antou nou konte senmilkatsanswasantnèf (5469) veso lò ak ajan ki te tounen.
15 .Yo te tounen yo bay Sanabassa ak tout prizonye ki te soti lavil Babylon pou Jerizalèm.

Atagzesès bloke travay rebati tan plan.


16. Nan tan Artexerxes te wa Persians yo, te genyen Belemus, Mithridates, Tabellius, Rathumus, Beeltethmus ak Semellius, sekretè a, ansanm ak lòt kòlèg yo nan komisyon ki rete nan Samaria ak lòt kote, ki te ekri kont moun kap viv nan Judea ak nan lavil Jerizalèm .
17. Pou Seyè nou an, wa Artexerxes, delapa de sèvitè ou yo : Rathumus, responsab ekriti yo, Semellius sekretè a, ak rès kolèg yo nan Gran Konsèy la, ak jij yo nan Celosyria ak nan Phenice.
18. Se pou nou enfòme Majèste nou an ke Jews yo ki te kite’l pou yo vinn twouve yo nan mitan nou ap rebati lavil Jerizalèm, lavil rebèl sila ki ranpli ak mechanste. Yo repare wout ak miray epi yap jete baz pou tanp lan.
19. Si lavil sa a ak miray ranpa li yo rebati, se pa sèlman ke yo pral refize bay lajan taks la, men yo pral an rebelyon kont wa yo tou.
20. Kòm travay nan tanp lan ap mache, nou jije ke nou pa kapab pa mete ou okouwan de sitiyasyon sila paske,
21. Si Sa Majèste vle, yon kout je ka voye sou dosye wa ki te avann’l yo.
22. Ou pral jwenn nan achiv yo evidans sou deklarasyon nou an. Epi, wa a va aprann ke se yon vil ki fè rezistans a otorite san pale de move moman li fè wa ak tout lòt zòne yo pase.
23. Anplis de sa, se te toujou katye jeneral rebelyon Jews yo depi tout tan.
24. Se sa ki fè ke vil la chita sou winn ak dezolasyon. Konnyè a, nou enfòme Sa Majèste ke, si vil sila rebati e ke miray li yo kanpe ankò, pap gen mwayen pou wa a ale nan Celosyria ak Phenice.
25. Alò, Wa a te ekri Rathumus, Beeltethmus, Semellius, sekretè a, ak tout kòlèg ki te nan komisyon, moun ki rete nan lavil Samaria, nan peyi Syria ak Phenice, nan fason sa a;
26. Mwen li lèt la ke nou te ekri mwen an. Se poutèt sa, mwen bay lòd pou rechèch la fèt, epi se te konsa nou fini pa dekouvri ke vil sila te toujou an opozisyon kont wa yo,
27. Anplis de sa, abitan yo antre an rebelyon jouk yo komanse lagè. Te genyen nan vil Jerizalèm, wa vanyan ak feròs ki te gouvène Celosyria ak Phenice jouk yo egzije tout taks peye.
28. Konnyè a, mwen bay lòd pou nou anpeche abitan yo nou mansyone’m lan rebati vil la, fè atansyon pou yo pa kontinye nan travay la..
29. Ke tout mezi dwe anplas pou egzekite lòd sila san bliye ke pou nou rete veyatif pou mechan yo pa janm fè sa ki mal kont wayòm lan,
30. Lè lèt wa Artaxerxes la te li, Rathumus ak Semellius sekretè a, ak lòt moun ki te nan komisyon ak yo, prese prese yo pran dirèksyon lavil Jerizalèm ak twoup kavalye ak yon foul moun ki tou pare pou goumen. Se konsa yo te kòmanse anpeche bòs mason travay; konstriksyon tanp lan nan lavil Jerizalèm te sispann jiskaske Darius, wa Persians yo te nan dezyèm ane rèy li.

Chapit 3

Gwo konkou gad palè a
1.Lè sa a, Darius bay lòd pou yo te fè gwo fèt pou tout moun kap viv sou komand li, pou tout gwo chèf Media ak Persia yo,
2. Pou tout chèf kap gouvène yo, tout otorite yo, depi peyi India jouk nan peyi Ethiopia, yon total de sanvennsèt(127) pwovens.
3. Lè yo finn manje ak bwè, yo te, vant ranpli, tounen lakay yo. Wa Dari
us, kote pal, antre nan chanm li, li kouche nan kabann li. Apre yon ti repo, li reveye. 4. Lè sa a, twa (3) jenn gason ki gad palè a tonbe pale antre yo.
5. Se pou, chak nan nou, pote yon jijman sou sa li kwè ki pi fò sou tè a. Sa ki bay pibon repons lan, wa Darius va bay bèl kado ak anpil bèl bagay nan siy viktwa a.
6. La abiye tankòu wa a, la bwè nan gode an lò, kabann li domi va an lò, la va genyen yon cha ki gen brid chwal li an lò, san konte yon twal fen ak chenn nan kou’l.
7. L'ap chita bò kote Wa Darius paske li gen bon konprann. Tit li pral Darius, kouzen.
8. Yo chak ekri sa yo panse, yo sele’l, yo mete’l anba zorye wa Darius. 9. Yo te di ke lè wa a leve, ya va soumèt li rezolisyon yo. Ansanm ak twa chèf peyi Persia yo, Wa a va jije kilès ki genyen plis merit nan sajès. Lè sa a, moun ki pote viktwa a va genyen rekonpans li.
10. Premye a te ekri, diven an se li ki pi fò.
11. Dezyèm lan ekri: Wa a pi fò.
12. Twazyèm lan te ekri: Fi yo pi fò; men pami tout bagay, verite a pote viktwa a.
13. Lè wa a leve, li twouve’l anfas jijman ki te fèt sou sak pi fò sou tè a.
14. Li voye chache tout chèf peyi Persia ak peyi Media yo, gouvènè yo, chèf lame yo
15. Apre sa, li chita sou fotèy jij la ak ekri yo ki te devan’l.
16. Li di: - Rele jenn gason yo pou yo kapab bay èkplikasyon sou sa yo ekri a. Lè sa a, yo rele yo e yo antre vinn jwen wa a.
17. Wa a di yo konsa: Manyè bannou yon ti limyè sou sa nou ekri a. Lè sa a, premye jenonm lan ki te pale de fòs diven an pran la pawòl.

Rekonèt valè diven an.

18. Li presize: Mesye, Sa se verite toutbon ke diven an pi fò. Yon moun ki bwè’l, tèt li paye lamenn.
19. Ke ou wa ke ou òfelen, ke ou èsklav ou lib, ke ou pòv ke ou rich, diven a fè menm efè sou lèspri tout moun.
20. Li pa pèmet ou reflechi sou sa ou vle fè. Li fè ou bliye lapenn ak rèkonsabilite ou.
21. Li bay tout moun sansasyon ke yo rich. Lè konsa, moun pa gen regleman pou yo bay wa a epi yo kwè ke yo ka dispoze de tout sak ki sou tè a.
22. Lè yo anba tafya yo, pa genyen fanmi, yo bliye zanmi epi pou nenpòt ti bagay, yo rale zann yo.
23. Men, lè yo retounen nan bon sans yo, yo pa chonje sa yo te fè.
24. Mesye, nèspa ke diven an pi fò, lè nou konstate ke li fòse lèzòm fè tout bagay sa yo ? Apenn li pwononse pawòl sila, li te sispan pale.

LÓT PAJ-LA: CHAPIT 4