PREMYE LIV PWOFET ESDRAS    
FRENCH       KOUTWAZI "NOU, IZRAYELIT YO"      ENGLISH
TRIBI LEVI YO

CHAPIT 4

Koze sou Wa aa

1. Lè sa a, dezyèm lan, ki te pale de fòs wa a, te bay èkplikasyon pali konsa.
2. Nou menm lèzòm, èske nou pa gen kont pouvwa sou tout moun ak tout bagay ki tou tè a ak sou lanmlanmè ya ?
3. Men, wa a, li gen plis pouvwa. Li gouvène tout bagay sa yo. Se li menm k'ap dirije peyi a. Epi, tout moun pliye yo sou kòmand li.
4. Si li te di pou yonn kont lòt, yo fè l; si li voye yo atake lènmi yo, yo ale, yo disparèt mòn, miray ak tout lòt fòs.
5. Yo touye moun, yo pa pè mouri, yo fè sa wa a mande yo fè. Si yo genyen batay la, yap pote tout sa yo pran kay lènmi an pou bay wa a.
6. Menm jan an tou, pou moun ki pa sòlda, epi ki pa gen pou fè lagè, men ki travay latè, lè yo finn rekòlte sa yo simen an, yo bay wa a. Antre yo, yo konvenk lòt pou peye lajan taks wa a mande.
7. Menm kant li se yon sèl moun li ye: si li di touye, epi yo touye ; si li bay lòd pou fè gras, yo fè gras; Josias selebre fèt Delivrans lan
8. Si li bay lòd pou atake, yap atake. Si li bay lòd pou yo detwi yap detwi, si li kòmande yo bati,yo bati ;
9. Si li te bay lòd pou ravaje jaden an, ya va ravaje’l ; si li mande pou plante, yo plante.
10. Tout pèp la ansanm ak tout lame’l yo obeyi’l. Anplis de sa, li ale chita sou tab, swa lap manje, lap bwè, epi menm lè l’al repoze kò li nan kabann li.
11. Yo la, ap veye sou li, pèsonn pa kite’l pou ya’l regle pwòp zafè yo. Se obeyisans total kapital.
12. Natirèlman, Mesye, kòman wa a te kapab pa pi fò ak tout pouvwa sila anba men li ?. Apre dizon sila, li te kenbe lang li.

Koze sou fanm ak sou laverite.

13. Lè sa a, twazyèm lan, ki te pale sou fanm ak verite a, se te Zorobabèl li te komanse pale.
14. Mesye, se pa gwo wa a, ni anpil moun rasanble, ni menm diven ki pi fò. Men ki moun ki domine yo, oswa ki gen pouvwa sou yo? Eske se pa fanm!
15. Fanm yo bay nesans a wa a ansanm ak tout moun ki te chèf sou lanmè a ak sou tè a.
16. Menm kant yo mete yo sou tè a, yo nouri yo jouk yo pèmèt yo plante jaden rezen ki bay diven an.
17. Yo menm tou yo fè rad pou gason yo. Yo pèmèt yo gen laglwa. Pa kapab gen gason san fanm.
18. Wi, si gen moun ki te rasanble lò ak lajan, osinon anpil bagay ki presye, epi sibitman yo wè yon fanm ki bèl e ki anfòm, eske tablo sila pap sedwi yo?
19. Lè sa a, yap bliye tout bagay sa yo, san di yon mo, yap admire’l ak bouch yo tou louvri epi yap chwazi’l olye de ajan an oswa lò a, oubyen nenpòt lòt bagay.
20. Yon nonm konsa ap kite papa’l ki te fè edikasyon’l, lap abandone peyi’l pou’l ale viv ansanm ak madanm li.
21. Li va pase lavi’l ak madanm li san sonje ni papa, ni manman, ni peyi’l.
22. Se poutèt sa tou nou dwe rekonèt ke fanm yo gen pouvwa sou nou: èske nou pa swe anba travay di epi nou bay fanm lan tout sa nou reyalize ?
23. Wi yon gason ap pran epe'l, fè yon devire pou’l l’al vole, piye, lap navige sou lanmè ak sou rivyè:
24. Fas a yon lyon, l’ap jete’l nan fènwa a epi lè’l fini vole ak piye, li pote tout bagay bay lanmourèz li.
25. Se poutèt sa nonm lan renmen madanm li plis pase papa’l oswa manman’l.
26. Pou fanm yo, gen gason ki pèdi tèt yo, anpil te twouve yo nan èsklavaj.
27. Anpil te mouri oubyen tap viv nan dezolasyon, gen sa ki menm gache lavi li.
28. Konnyè a, nou menm nou pa kwè mwen? Eske se pa Wa a kap gouvène peyi a ak anpil pouvwa anba men’l ? Nèspa ke tout rejyon pè atake’l.
29. Poutan, mwen wè’l ansanm ak Apame, konkibinn li, pitit fi Bartacus ke tout moun admire, ki te chita sou bò dwat wa a.
30. Li te pran kouwòn wa a e li mete sou pwòp tèt li. Li te men
m bay wa a yon tap ak men goch li.
31.E, malgretou, wa a rete trankil ak bouch li tou louvri, l’ap gade Apame. Kant lap ri pou pase wa a anba betiz, wa a, kote pal, ri tou ; kant li te fèl kontrarye, wa a flate’l pou yo kapab rekonsilye ankò.
32. Men, Mesye, si fanm kapab poze tout zak sa yo, kòman nou refize rekonèt fòs yo?
33. Wa a ansanm ak chèf yo, yonn t'ap gade lòt.

Koze sou verite a Zorobabèl pwan pale sou verite a, li dil konsa.

34. Epi, se konsa jennòm lan te kòmanse pale de pawòl verite a. Mesye , nou konstate ke fanm yo gen rezitans, yo fò. Latè a gran, syèl la wo, solèy la rapid nan kous li yo, paske li antoure syèl la toutotou, epi fòk l’al tounen nan plas li lè jounen an fini.
35. Nèspa ke li gran, sa ki fè tout bagay sa yo ? Men, verite a tou li pisan, li pi fò pase tout bagay sa yo.
36. Tout latè ap rele pou tout moun ka di verite a jan’l ye a; syèl la fè louanj pou li. Tout sa ki kreye yo ap tranble douvan’l, epi ak li pa gen linjistis.
37. Gen enjistis nan diven an, nan wa yo, nan fanm yo, nan tout pitit lèzòm fè yo, nan tout travay lèzòm, pou’m pa di plis. E, nan enjistis a yo, yo tout dwe peri.
38. Kanta verite a, li sibi vre men li toujou fò ; li vivan epi lap gen denye mo-a pou tout tan,
39. Avèk li, pa gen okenn mounpa oswa rekonpans; li chwazi pou’l fè sa ki dwat olye pou’l fè enjistis ak malveyans; Tout moun bat bravo pou travay.
40. Pa genyen okenn enjistis nan jijman li. Okontrè, nou twouve fòs, diyite ; se otorite ak majèste pou tout aj. Benediksyon pou Bondye ki se verite a.
41. Se konsa li te fini pale. Tout pèp la pran rele byen fò, yo di’l : Se vre wi, verite a se li ki pi gran, verite a se li ki pi fò pase tout bagay.
42. Lè sa a, wa a di’l konsa : -Mande’ m sa ou vle, menm si sa pa te prevwa. N'ap bay ou li, paske ou montre tout moun se ou ki saj, epi ou pral chita bò kote’m, ou pral rele’m kouzin ou.
43. Li di wa a: -Pa bliye pwomès ou te fè pou ou te bati lavil Jerizalèm, jou ou te vinn wa nan peyi ou la.
44. E ou te pwomèt ou tap fè retounen nan vil Jerizalèm tout vesèl yo te vole e ke wa Cyrus te mete apa. Lè li deklare li pwal detwi Babylon, li te egalman pwomèt lap voye vesèl sa yo tounen.
45. Ou menm tou, ou fè sèman pou ou rebati tanp ke Edomites yo te boule a, lè Judah te ravaje pa Chaldeen yo.
46. Me se favè sila ke mwen soupliye ou pou ou akòde’m. Seyè, wa mwen, se jenewozite sila map mande ou : Ke ou dwe kenbe pwomès ou te fè Bondye ki nan syèl la.
47. Lè sa a, wa Darius leve, li anbrase’l, epi li ekri lèt bay tout trezorye yo, tout gouvènè yo, kòmandan ak solda yo pou otorize yo bay jennonm lan sekirite ansanm ak tout moun ki pral moute avè'l pou yo rebati lavil Jerizalèm.
48. Apre sa, li ekri gouvènè yo nan vil Colosyria ak Phenice, ak nan vil Libanus, òdòne yo pou pote bwa sèd soti Libanus pou yal depoze yo lavil Jerizalèm. Ajoute a sa, li mande konkou yo pou yo asosye ak Zorobabèl pou rebati vil la ansanm.
49. Anplis de sa, li bay tout Jews ki tap kite wayòm lan, pou ya’l Judea, lèt pou asire libète yo de fason ke okenn ofisye, chèf, lyetnan, oswa trezorye pa antre nan konfrontasyon ak yo.
50. Ke tout Jews yo pa peye okenn taks, ke Edomites yo dwe abandone vilaj Jews yo ke yo te okipe a.
51. Wi, te gen ven (20) talan chak ane nan konstriksyon disponib pou rebati tanp lan, jouk li fini.
52. Te gen dis (10) lòt disponib chak ane pou pèmet boule ofrann nan sa. Tout moun ki tap kite lavil Babylon pou yal rebati tanp lan, yo te gen libète yo. Se te konsa pou tout pitit yo ak tout prèt ki te depòte yo.
54. Li te ekri tou ke tout prèt ki pral Jerizalèm dwe pou resevwa sipò pou tèt pa yo san konte rad pou fè sèvis pa sou kont yo.
55. Menm jan an tou, pou moun Levi yo, se pou yo resevwa asistans jouk lè tanp lan ak Jerizalèm finn rebati.
56. Apre sa, li bay lòd pou tout gadyen vil la resevwa moso tè ak salè yo.
57. Apre sa, li fè tounen nan lavil Jerizalèm tout vesèl ki te Babylon ke Cyrus te mete dekote. Tou lòd Cyrus yo, li ranmnen yo e mande pou egzekite yo, li bay lòd pou tou sa Jerizalèm te genyen retounen nan vil la.
58. Lè jennonm sa a, Zorobabèl soti, li tounen fas li bay Jerizalèm, li leve je’l nan syèl la, li fè lwanj wa ki nan syèl la.
59. Apre sa, li di ankò : Se de ou ke viktwa a soti, Se wou ki gen sajès la. Pouvwa a se pou ou li ye. Mwen se sèvitè ou mwen ye.
60. Ala bon sa bon, ou menm ki ban’m bon konprann ! M'ap di ou mèsi, O Seyè zansèt nou yo.
61 Li pran lèt la, li soti, li ale lavil Babylon, li rakonte frè Jews li yo sak te pase.
62. Yo t'ap fè lwanj Bondye zansèt yo a paske Bondye te bay yo libète.
63. Pou yal rebati lavil Jerizalèm, pou yal bati tanp lan. Epi yo selebre ak enstriman mizik ak kè kontan pandan sèt jou.

CHAPIT 5


Lis non Jews yo ki te tounen lavil Jerizalèm

1. Apre sa, chèf fanmi yo, yon tribi apre yon lòt, te chwazi pou yo ale Jerizalèm ak madanm yo, pitit gason yo, pitit fi yo, moun k'ap sèvi yo ak sèvant yo, ak bèfyo.
2. Wa Darius fè mil (1000) kavalye akonpaye yo jouk yo mennen yo lavil Jerizalèm, avèk enstriman mizik, tambou ak flit.
3. Tout frè parèy yo ki te konn jwe mizik te nan kotèj la.
4. Me non tout gason ki te pran wout Jerizalèm lan dapre branch fanmi yo, dapre zansèt yo epi tou dapre wòl yo gen pou yo jwe.
5. Prèt yo, pitit gason Phenice yo ki te limenm, pitit gason Aaron an, Jesus, pitit gason Jozadak la, pitit Seraja, ak Joakim pitit li, Zorobabèl, pitit gason Chealtyèl la ki soti nan liye David la, nan menm liye Parèz, nan branch fanmi tribi judah a.
6. Se li Zorobabèl ki te bay pawòl sajès douvan wa Darius, wa peyi Persia. Yo te pran wout pou Jerizalèm nan dezyèm lanne rèy wa a, nan mwa Abib la ki se premye mwa a.
7. Konnyè a me moun nan tribi Judah yo ki te soti nan prizon an, kote yo te viv kòm etranje, Se te yo ke Nabuchodonosor, wa Babylon, te trennen lakay li nan Babylon.
8. Yo tounen lavil Jerizalèm ak lòt restan nan fanmi Judah ki chak te ale nan lavil pa yo. Yo te genyen pou gid Zorobabèl, Jesus, Neemi, Zacharia, Reesaias, Enenius Madoche, Beelsarus, Aspharasus, Reelius, Roimius ak Baana.
9. Men kantite moun nan pèp Jews la ki te tounen Jerizalèm ak chèf fanmi yo dapre fanmi yo : Nan fanmi Phoros yo, de mil san swasann douz (2172) . Nan branch fanmi Saphat a, kat san swasant douz (472).
10. Nan fanmi Ares yo, sèt san senkant senk (755).
11. Nan fanmi Phaath, moun lavil Moab , de mil yui sandouz (2812) moun.
12. Nan fanmi Elam, se mil de san senkant kat (1254) moun; nan liye Zathui, nèf san karant-senk (945) pitit gason an;
nan Chorbe yo, sèt san senk (705), nan pitit Banie, sis san karantwit (648).
13. Nan fanmi Bebai sis san venntwa, (623) moun; nan branch fanmi Sadas, twa mil desan vennde (3222)
14. Nan fanmi Adonikam te gen sisan swasannsèt (667) ; nan fanmi Bagoi te gen de mil swasannsis (2066); nan fanmi Adin kasan senkannkat(454).
15. Nan fanmi Aterezias, katreven douz (92); nan fanmi Ceilan ak Azetas te gen swasannsèt (67); nan fanmi Azuran katsan senkantde(452).
16. Pitit gason Ananyas konte yon santèn (101); nan pitit Arom yo te gen senkant de (52), nan piti Bassa yo te gen twa san ventwa ( 323), nan pitit Azephurith te gen san de (102).
17. Nan fanmi Meterus yo te gen twamil senk (3005), nan fanmi Bethlomon te gen san ventwa (123).
18. Nan mitan Netophah yo te gen senkannsenk (55) moun; nan lavil Anathoth te ge san senkant yuit (158); nan mitan Bethsamos yo te gen karant de (42).
19. Nan mitan Kiriathiarius te gen ven-senk (25) ; nan mitan Kaphira ak Beroth te gen sètsan karant twa (743) ; nan mitan moun Pira yo te gen Sètsan (700).
20. Nan branch fanmi Chadias ak Ammidioi, antou katsan vennde (422). 21. Nan Makalon yo, san vennde (122), nan Betolius yo senkant de (52); nan Nephis yo san senkant Sis(156).
22. Nan fanmi Calamolalus ak fanmi Omis te gen sètsan vennsenk ; nan pitit Jerechias l yo, te gen desan karansenk (245).
23. Nan fanmi Annaas yo, twamil twasansenkant (3350).
24. Men non prèt yo: Nan fanmi Jeddu yo, pitit gason Jesus a, ki soti nan branch fanmi Sanasib te gen nèfsanswasanndouz (972); nan fanmi Merit hyo te gen mil senkantde (1052).
25. Nan pitit gason Phassaron mil karantsèt (1047) ; nan pitit gason Carme yo mil disèt(1017).
26. Men Levit yo: pitit Jessue yo, Kadmiel, Banuas ak Sudias yon total de swasannkatòz. 27. Me chantè sakre yo: pitit Asaph yo, te gen san ventwit (128).
28. Me gad pòtay tanp yo: pitit gason Salum, pitit gason Jatal, pitit gason Talmon, pitit gason Dacobi, pitit gason Teta, pitit gason Sami, yon total de sansenkant nèf (159).
29. Me sèvitè Tanp lan: pitit gason Ezaou, pitit Asipha, pitit Tabaoth, pitit Ceras, pitit Sud, pitit gason Phaleas, pitit Labana, pitit Graba.
30. Pitit gason Acua, pitit Uta, pitit Cetab, pitit Agaba, pitit Subai, pitit Anan, pitit gason Cathua, pitit geddur.
31. Pitit gason Airus, pitit Daisan, pitit Noeba, pitit Chaseba, pitit Gazera, pitit Azia, pitit Phenees, pitit gason Azara, pitit Bastai, pitit Asana , pitit gason Meun, pitit Naphisi, pitit Acub, pitit Acipha, pitit gason Assur, pitit Pharasim, pitit Basaloth.
32. Pitit gason Meeda, pitit Charcus, pitit Aserer, pitit Thomoi, pitit Nasith, pitit Atipha.
33. Me pitit gason sèvant Salomon yo:, pitit Azaphion, pitit Pharira, pitit gason Jeeli, pitit gason Lozon, pitit gason Idael, pitit gason Saphèt.
34 .Pitit gason Hagia, pitit Phacareth, pitit Sabi, pitit Sarothie, pitit Masias, pitit Gar, pitit Addus, pitit Suba, pitit Apherra pitit Barodis pitit Sabat , pitit Allon.
35.Tout moun ki t'ap travay nan tanp lan ak tout moun ki te reskonsab Salomon te antotal twa san swasanndouz (372).
36. Moun sayo te soti nan vil Thermeleth ak nan vil Thelersas. Lidè yo se te Charaathalar ak Aalar ki te akonpaye yo.
37. Yo pat kapab bay prèv ke yo Izrayelit apati de non fanmi yo oubyen zansèt yo : Se te moun fanmi Ladan yo, moun fanmi Banan yo, moun fanmi Nekodan yo. Yo te antotal sis san senkantde (152).
38. Nan yo te gen prèt ki te pretann ke se prèt yo ye men pat gen dosye pou yo nan rejis la: pitit Obdia, pitit Accoz, pitit Addus, ki limenm te marye ak Aujia, yonn nan pitit fi Barzelus, e li te kenbe non fanmi madanm li.
39. Epi lè dèskripsyon fanmi mesye sa yo te chache nan rejis la, non yo pat figire. Se sa ki fè non yo te retire nan pèfòmans fonksyon prèt Sasèdotal yo.
40. Pou rezoud pwoblèm sila, Nehemiah ak Atharias di yo pap ka patisipe ankò nan sevis ofrann sakre yo jiskaske yon gran prèt ki abiye nan sevis li ka bay revelasyon ak verite a.
41. Nou ka idantifye pèp Izrayèl la, apati de Izrayelit ki te gen laj douzan, yo te anviron karant mil (40.000) mete de kote sèvant gason tankou fanm ki te antotal demil twasan swasant (2360)
42. Sèvitè gason ak fanm yo te sètmil twasan senkannsèt (7357) ; chantè gason ak chantè fanm yo te desan senkannsenk(255).
43. Katsan karantsenk chamo, sèt mil karant sis chwal, de san senkantsenk milèt, senk mil senksan ventsenk bourik pou pote chay la.
44.Te gen kèk nan chèf fanmi yo ki, lè yo rive nan tanp Bondye nan Jerizalèm, yo deklare ofisyèlman ke yap mete tout jefò yo pou rebati tanp lan menm jan li te ye avan.
45. E ke yap mete nan trezò sakre a mil liv lò (1000), senkmil liv ajan (5000)n ak san (100) vètman seremoni pou prèt yo.
46. Se konsa prèt yo, Levit yo, ak kèk moun ki te akonpaye yo te twouve yo etabli nan lavil Jerizalèm ak nan vwazinaj la, chantè yo ak gad pòtay tanp lan te ansanm ak yo tou; tout pèp Izrayèl la te nan vilaj yo.

Tanp Bondye rebate.

47. Men, lè setyèm mwa a te rive e ke Izrayelit yo te lib lakay yo, yo te pran yon rezolisyon pou yo reyini devan pòtay tanp lan nan dirèksyon ki bay sou bò solèy leve.
48. Aprè sa, Jesus piti Josedec ak kòlèg prèt li yo, Zorobabèl, pitit gason Salathiel la, ansanm ak frè’l yo pran desizyon pou yo mete kanpe lotèl Bondye pèp Izrayèl la.
49. Pou yo ka boule ofrann bèt sou li pou Seyè a, jan règleman te bay nan liv Moyiz la, sèvitè Bondye a.
50. Yo te reyini san lòt nasyon yo pou yo manyè mete lotèl la nan plas li, paske tout nasyon sou tè a te kont yo e tap maltrete yo. Yo boule afranni bèt pou Seyè a jan sa te prevwa, chak maten ak chak aswè…
51. Yo selebre fèt Tabènak, jan lalwa te bay lòd la, yo fè ofrann chak jou jan lòd la te bay la.
52. Apre sa, yo kontinye oblasyon yo, sakrifis pou saba, pou nouvèl linn nan ak pou tout fèt sakre yo.
53. Tout moun ki te fè yon ve bay Bondye te komanse ofri sakrifis bay Seyè a apati de premye jou nan setyèm mwa a, menm kant tanp lan pa t’ankò.
54. Se ak kè kontan ke yo te mete adispozisyon bòs mason yo ak chapantye yo lajan, manje ak bwason.
55. Moun lavil Sidon yo ak moun lavil Tyre yo te genyen a disposisyon yo tou charyo pou yo pote bwa sèd peyi Liban nan pò lavil Joppe, dapre lòd Cyrus, wa peyi Presia.
56. Se te nan dezyèm ane nan dezyèm mwa a, Zorobabèl, pitit gason Salathiel, Jesus, pitit gason Josedec la, ak tout fanmi yo, prèt yo, Levit yo ak tout moun ki te vinn nan lavil Jerizalèm soti nan depòtasyon an, yo tout ansanm te kòmanse bati tanp Bondye a nan lavil Jerizalèm.
57. Nan premye jou dezyèm mwa a, yo te plase fondasyon tanp Bondye a, se te nan dezyèm ane apre yo te finn antre lavil Juda ak nan Jerizalèm.
58. Apre sa, yo òganize moun Levi yo, komanse pa sak ki gen ventan ( 20 ane ) pou travay Seyè a. Epi, Jesus, pitit gason’l yo, ak konfrè’l, Cadmiel, frè li, pitit gason Madiabun, ak, pitit gason Joda, pitit Eliadun ak pitit gason yo ak frè’l yo, moun Levi yo, met tèt ansanm pou yo fè travay la avanse ; se ak gwo kouraj ke yap rebati tanp Bondye a
. 59. Prèt yo ki te byen abiye te genyen bèl enstriman mizik yo ak twonpèt yo. Kanta moun Levi branch fanmi Asaph la, yo te gen senbal yo.
60. Yo tap fe louanj ak chante pou di Bondye mèsi, yo tap priye nan pye Seyè a, jan David, wa pèp Izrayèl la, te kòmande ‘l la.
61. Yo t'ap fè lwanj Seyè a paske bonte’l ak glwa li pat janm sispann nan mitan pèp Izrayèl la.
62. Tout pèp la tap kònen twonpèt yo, yo t'ap rele byen fò, yo t'ap chante pou fè lwanj Seyè a, Bondye yo a.
63. Konsa, prèt yo, moun Levi yo, ak chèf fanmi yo ki rekonèt premye tanp lan depi lontan, te vini, yo t'ap kriye, yo t'ap rele byen fò.
64. Men, anpil, ak yon son twonpèt yo ki byen fò, yo tap rejwi.
65. Moun ki nan lantouraj la pa t 'kapab tande son twonpèt yo ki te kouvri anba rejwisans foul la. Men, son an te klè pou moun ki te byenlwen yo.

Lènmi Jews yo kanpe pou yo bloke rebati tanp la.

66. Se pou tèt sa, lè lènmi branch fanmi Jida ak fanmi Benjamen yo te tande sa, yo vini pou yo ka konnen siyifikasyon son tronpèt la.
67. Se lè sa a, yo wè ke moun ki sot nan kaptivite yo te gen tan rebati tanp Bondye pèp Izrayèl la.
68. Yal rankontre Zorobabèl, Jesus ak chef fanmi Izrayel yo, yo di yo konsa: Nou pral bati’l avèk ou.
69. Paske, menm jan ak ou, nou obeyi Seyè ou la, nou fè sakrifis pou li depi jou Azbazareth, wa peyi Lasiri a, te fè nou vini isit la.
70. Lè sa a, Zorobabèl , Jesus ak chèf fanmi pèp Izrayèl la di yo konsa: Nou pa kapab bati ansanm yon kay pou Seyè a, Bondye nou an.
71.Nou menm sèlman dwe bati kay Bondye izrayèl la daprè lòd Cyrus, was Persians yo te bannou.
72. Men, tout lòt nasyon te yon pwa lou pou peyi Judea, yo te kenbe tèt ak pèp Izrayèl la pou yo anpeche yo bati tanp Bondye a.
73. Se konsa ak konplo ankachèt, dezòd nan mitan pèp la, ajitasyon, yo fini pa anpeche travay tanp la fini nan peryòd wa Cyrus la. Sa te dire de ane jouk rey wa Darius te

CHAPIT 6


Jews yo reprann travay Tanp lan ankò

1. Nan dezyèm ane rèy wa Darius la, de pwofèt, Haggeus ak Zacharias, pitit Addo a, transmèt bay Jews yo nan vil Judaea ak nan vil Jerizalèm, mesaj Bondye pèp Izrayèl la te enspire yo.
2. Sekonsa Zorobabèl, pitit Salathiel ak Jesus, pitit Josedec sezi mesaj la epi yo kòmanse bati kay Seyè a nan vil Jerizalèm. Pwofèt Seyè a te la, yo te bay koutmen tou.
3. Sètalòke Sisinnes, gouvènè-jeneral Syria ak Phenice te gen akonpaye’l Sathrabuzanes ak kòlèg li yo pou yo al mande ;
4. De ki prevyen nap bati kay, mete twa sou li, ke nap fè tout lòt bagay sa yo ? Dayè ki moun yo ye, travayè sa yo ?
5. Gras a Letènèl la ki tap voye je sou Jews yo ki soti nan kaptivite, sak ki te antre nan laj, te gen kèk favè ke yo te resevwa.
6. Pat gen anpèchman pou yo te bati jouk depozisyon te fèt kont yo bay wa Darius ki pat fè silans sou sa.
7. Me kopi lèt ke Sisinnes, gouvènè Syria ak Phenice ansanm ak Sathrabuzanes yo mele ak dirijan Syria ak Phenice yo te ekri e voye.
8. Fòk tout enfòmasyon sa yo rive sou biwo Seyè nou an, wa nou an etan done ke lè nou rive nan peyi Judah a, jouk nou antre nan lavil Jerizalèm, nou jwenn nan vil la ansyen Jews yo ki ki te ankaptivite.
9. Yo tap bati yon kay pou Seyè a, se te yon kay ki gran, bèl, bati ak roch ki ra ehè ; bwa te deja poze sou miray yo.
10. Travay sa yo fèt ak anpil rapidite, epi yo te bay yon bon travay gras a tout bèl pouvwa e dilijans yo te genyen11.
Lè sa a, granmoun yo di: -Ki moun ki bannou dwa bati kay sila ak fondasyon ke nou bay la?
12. Se poutèt sa, pou nou ka fè ou konnen pa ekri, nou te idantifye moun ki te majojon yo, e nou te mande yo list non gason pwensipal yo.
13. Yo te bay repons sila: Nou se sèvitè Seyè a ki fè syèl la ak latak latè a.
14. Kay sila te bati depi byen lontan. Se te yon wa nan peyi Izrayèl ki te pran sa sou rèskonsabilite pali e li te fini’l.
15. Men, lè zansèt nou yo te mete Bondye ankòlè, yo te peche kont Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la ki te anwo nan syèl la, li lage yo nan men Nabuchodonosor’ wa Babylon lan,nan peyi chaldees.
16. Wa a vini, li sakaje kay la, li boule l ', li trennen abitan yo nan kaptivite nan lavil Babylon.
17. Men, nan menm lanne rey wa Cyrus la nan peyi Babylon, li te bay lòd pa ekri pou rebati kay Bondye a.
18. Nabuchodonosor te pran tout veso an lò ak an ajan ki te nan tanp lavil Jerizalèm lan, li mete yo nan Tanp pa li nan Babylon. Wa Cyrus, kote pa li, li mande ke tout sa ki te vole nan tanp Seye nan Jerizalèm tounen nan plas yo. Se konsa Zorobabèl ak Sanabassarus souveren an yo te resevwa tout sak te soti nan tanp Babylon nan.
19. Lòd te bay, pou ke tout veso yo al nan tanp lavil Jerizalèm lan. Se la Tanp Seyè a pral bati, nan menm plas ke li te ye avan an.
20. Alo, menm Sanabassarus sila te vini isit la, li te bati fondasyon Tanp Seyè a nan lavil Jerizalèm ; depi lè sa a, jouk konnyè a nou ka pale de yon batiman. Tanp lan pat ko fini bati nèt.
21. Konnyè a, si wa a èstime sa a jist, pou ta genyen yon rechèch ki fèt nan mitan dosye nan epok wa peyi Cyrus.
22. E, si’l te pwouve ke bati kay Seyè a nan lavil Jerizalèm te genyen konsantman an wa Cyrus, epi si Mèt nou an, Wa a gen menm dispozisyon an tou, se pou li renouvle lòd la bannou.
23. Apre sa, wa Darius bay lòd pou rechèch nan Istwa Babylon lan, e menm nan Ecbatana, palè a ki te nan peyi Media, se la ke yo te jwenn achiv kote enfòmasyon sa yo te anrejistre.
24. Nan premye ane rèy wa Cyrus, wa Cyrus la bay lòd pou ke kay Seyè a nan lavil Jerizalèm, kote yo ta touye bèt tout tan, boule yo anba dife kom ofrann bay Seyè, la, tanp Jerizalem la dwe rebati.
25. La va genyen yon wotè de sis pye, lajè sis pye tou, ak twa ranje ròch taye, yon ranje bwa nèf ki soti nan peyi a, epi depans oliv sa yo ap soti kay wa Cyrus.
26. Veso sakre an lò ak an ajan ki te apa pou Bondye nan Tanp Seyè, ke Nabuchodonosor te pran nan lavil Jerizalèm, li mennen nan lavil Babylon, yo pote tout tounen nan kay la nan lavil Jerizalèm, epi yo te plase yo nan menm pozisyon yo te ye anvan.

Wa Darius bay lòd pou yo repwann twavay la.

27. Lèfini, li mande Sisinnes, gouvènè a nan peyi Syria, Phenice ak Sathrabuzanes, ansanm ak konpayon yo, ak moun ki te nonmen lidè nan peyi Syria ak Phenice pou yo mete dlo nan diven yo, pa mele yo de kote sa a, men pou yo kite Zorobabèl sèvite Seyè a, gouvènè peyi Judah ansanm ak chèf fanmi Jews yo, pou yo bati kay Seyè a nan plas sila.
28. Mwen te bay lòd pou yo bati’l tout antye, epi pou yo bay Jews depòte yo anpil atansyon, anpil asistans, jouk kay Seyè a fini bati.
29 Moun peyi Syria ak Phenice yo dwe pou bay yon kontribisyon pou moun sa yo, pou ofrann bay Seyè a. Zorobabèl, gouvènè a chaje resevwa kontribisyon sila pou towo bèf, belye ak mouton yo.
30. Se menm jan tou pou ble, sèl, diven, ak lwil oliv ke yo dwe bay regilyèman chak ane san kesyon pa poze, menm jan prèt yo ki nan lavil Jerizalèm ka mande pou depans chak jou.
31. Se pou yo fè ofrann bay Bondye ki anwo nan syèl la pou wa aak pou pitit li yo, pou lapriyè fèt pou bonkonprann yo.
32. Lè sa a, li te bay lòd pou tout moun ki te dezobeyi lwa li oubyen ki detwi kay sila, aloske yo te konnen tout sa ki di e ki ekri yo, moun sila gen pou’l pandye sou yon bwa, ajoute a sa, byen li gen pou yo sezi e remèt yo bay wa a. 33. Seyè a, ki gen non li kap fè eko isit la, ap detwi tout wa ak t
out peyi ki gen malè lonje men’l pou’l antrave oubyen detwi Tanp lan nan lavil Jerizalèm.
34. Mwen menm, wa Darius, mwen te di sa e fòk egzekisyon an fèt ak dilijans.
LÒT PAJ LA: CHAPIT 7