Tablo sa a reprezante mwa Abib la. Se konsa yon gwoup moun te veyikile'l !
Yon lannwit pase apre se va tou-a yon maten, alò se te premye jou a nan kreyasyon.
Se konsa, sou liye sila-a, 7yèm jou-a te rive, jou repo, jou saba-a.
Sèt jou apre, nou te nan 14yèm nan mwa a. Sa Ekriti Sent revele nou sou jou sila?
LEV 5-6 23 " Premye mwa a, katòzyèm jou premye mwa a se fèt Passovè a pou Seyè a. Nan denmen 15 se Jou a Pen ..."
Si nou obsève byen tablo mwa ABIB sila, nou ka wè ke 1er jou nan ane a idantifye nan yon Dimanch, ke "Passovè" fèt Delivrans jwif yo tonbe yon Samdi 14 e ke selebrasyon'l te nan aswè. (14-15)
Eske Kris te selebwe "Passovè" avèk disip li yo? Si wi, ki lè li te jwenn arèstasyon li? Ki lè li te twouve'l kay Pilate? Sa nou ka di de
72 zè li dwe pase nan tomb lan?
Nou konnen dapre Sent Ekriti yo ke te genyen yon mache prese pou yo
antere'l avan saba a, nou konnen tou ke 2 jou avan, swa le 12, Jezi te nan vil Betani.
Lanmò ak Rezirèksyon an bannou anpil latwoblay lè nap chache idantifye moman sayo sou tablo sila. Genyen anpil konfisyon dayè nou pa menm ka koòdone yo ak evanjil 4 apòt yo ki te lajman devlope sou sijè sa a
.
Mak 16:1-2 Lik 24:1 Lik 4:16-20 Jan 20:1 Jan 20:17-19 Matye 28:1. Nou kapab byen, ak evanjil sa yo kòm gid, finalman di ke landemen apre saba-a,lè soley ap kouche pat gen pèsonn nan tonb lan.
Ki sa evanjil yo di nou sou tan-an Krist pase nan tonb lan?
Lik 9:22 Jan 2:19-20 Jan 11:9
Mak 8:31 & 9:31 Matye 12:40 Matye 27:64 Jonas 1:17
Konsèp 72 zè oubyen 3 jou 3 nwit lan te repete anpil nan Sent Ekriti yo. Pou fini,
nou envite frè ak sè nou yo a fè yon lot lekti sou lanmò e rezirèksyon Kris la ak yon lèspri pli ouvè paske pran dimanch kòm 1er jou nan ane pa chita byen nan mwa Abib la.
TOUNEN NAN: 3 JOU/3 NWIT--OUBYEN--
NAN MENI-A
|