
Jis avan nou presante-w Kalandriye Anyèl Gran Mèt la ke Enòk revele nou, nou pra'l detaye 364 jou ane-a nan yon chema ki dwe sèvi-w pou gid. Nou konnen mond syantifik-la veyikile nan sijè sila lòt fò teyori kòm pa Darwen-an ki tap eseye konvenk nou ke nou se pitit pitit makak. Se konsa li trennen mond lan nan gran konfizyon.
Isit me 12 mwa yo nan koulè
"RED" ; nimewo yo an
"BLE" tou kòm 4 jou konplemantè nan ane a ki gen rapò ak SOLSTIS e ak EKINÒX ; epi finalman 4 sezon yo ki genyen 91 jou chak. ENÒK 72:1-37
Sak premye mwa nan lane-a? Gran Mèt la konsakre moman Izrayelit yo te kite Ejip kòm premye mwa.
EX 12:1-3 & 13:4 alò ke DE 16:1 presize ke nou dwe fete "Passovè" nan mwa epivè a ke li refere a premye mwa nan lane-a.
N'a konnen verite a,
lè sa a
verite a va ban nou libète nou.   
JAN 8:32 TAN-AN ENPÒTAN!