
Nou kontan wap vizite: "NOU IZRAYELIT YO". Anvan nou kontinye, nou ta renmen familyarize ou ak pwofil Enòk.
Ki moun ki Enòk la? Ki moun liye pou tout mond-lan fè
konspirasyon kont li?
Enòk
se gran gran papa Noe, se te tou, setyèm
Patriach apre Adan..Pami tout moun, Gran Mèt-la
te plis an amoni ak Enòk
sivre ke li te bay'l pwivilèj, non sèlman
pou li konnen byen jan Linivè-a te fèt,
men Gran Mèt-la te pèmèt li
tou chape poul devan lanmò.  JEN 5:24 "
Enòk te pase tout vi l' ap mache byen ak Bondye.... Bondye te pran l' avè l'."
Pa dim ke se pou plesante Gran Mèt-la te bay Enòk sekrè laboratwa'l! Dim si Enòk
te pami ti swit moun yo Gran Mèt-la
te chwazi, pou li pataje sekrè'l
ak limanite? Moun ki kont sa ki ekri nan liv Enòk la
pate kapab demanti egzistans pesonaj-la paske anpil evanjelis fè
referans a li.
Jid 1:14-15 & Ebre 11:5. E yon lòt pwen ki enpòtan pou soliye sè ke Gran Mèt la patap pèmèt ke lèzòm detwi liv Enòk yo
definitivman. Lè nou sonje ke Enòk te tèlman
nan lantouraj
Gran Mèt la, lanmò pat ka jwen li,
nou pap sispan kesyone rezon ki fè'l
pat nan Sent Bib-la.
N'a konnen verite a,
lè sa a
Verite a va ban nou libète nou. Jan8:32
LÒT PAJ-LA