ENGLISH ... NOU, IZRAYELIT YO ... FRENCH |
VÈSÈ YO WOTE/FALSIFYE NAN KÈK BIB KI FENK SOTI |
---|
Matye 17:21 Men, kalite lespri sa yo, se fòs lapriyè ak jèn ki pou fè yo soti. Matye 18:11 Paske, Moun Bondye voye nan lachè a vin delivre sa ki te pèdi. Matye 23:14 Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! N'ap piye pòv vèv yo nèt ale, an menm tan n'ap plede fè lapriyè byen long pou parèt pi bon. Se poutèt sa, kondannasyon nou pral pi rèd toujou. Mak 7:16 Men, se sak sot nan kè l' ki ka mete l' nan kondisyon sa a. Si nou gen zòrèy poun tande, tande. Mak 9:44 Nan lanfè, dife sa a ansanm ak vè k'ap manje kadav yo pa janm mouri. Mak 9:46 Nan lanfè, dife sa a ansanm ak vè k'ap manje kadav yo pa janm mouri. Mak 11:26 Men, si nou pa padonnen lòt moun yo, Papa nou ki nan syèl la p'ap padonnen peche nou yo tou. Mak 15:28 Se konsa pawòl ki te ekri a vin rive vre: Yo mete l' ansanm ak mechan yo. Travay 8:37 Filip di li: Si ou kwè ak tout kè ou, ou ka resevwa batèm. Nonm lan reponn li: Mwen kwè Jezikri se Pitit Bondye a. Travay 15:34 Men, Silas te pran desizyon pou l' te rete. Travay 24:7 Men, kòmandan Lizyas antre nan koze a, li aji yon jan brital ak nou, li wete li nan men nou. Travay 28:29 Lè l' te fin di sa, jwif yo al fè wout yo, yo t'ap diskite yonn ak lòt. Lik 17:36 Va gen dezòm nan yon menm jaden; y'ap pran yonn, y'ap kite lòt la. Lik 23:17 Pou chak fèt Delivrans, Pilat te blije lage yon prizonye ba yo. Rom 16:24 Se pou benediksyon Jezikri, Seyè nou an, toujou la avèk nou tout. Jan 5:4 Paske, tanzantan, yon zanj Bondye te desann nan basen an vin brase dlo a. Premye moun malad ki te desann nan dlo a apre zanj lan te fin brase l' la te geri, nenpòt ki maladi li te genyen. |