
Malgre Apokryfa yo pa ekziste nan BIB la ankò,
nou pa ka vag sou enpòtans evanjil
li yo, pli patikilyèman 1ESDRAS ak 2ESDRAS. Nou vle klarifye ke nan Bib la te toujou genyen yonsèl ESDRAS. Nou kwè ou familye ak evanjil sa-a.
Nan mitan tout evanjil ki te pèdi dwa nan Bib la,
2ESDRAS 13:40-48 merite atansyon èspesyal
, paske lè nou asosye li ak
JENÈZ 49:1-28 nou kapab swiv vwayaj moun Izrayèl yo atravè istwa.
Kounyè a, me nou twouve nou fas a nèf tribi Izrayelit yo ki kite Assyria
2WA 17:20-25 pou yal viv nan yon lòt inivè, lib pou yo swiv prop lide pa yo.
Yo etabli nan zile a nan dik dantan byen avan Christophe Colomb te dekouvri nouvo kontinan an. Separe de rès peyi sou latè a, yo te adopte yon vi primitiv,
sependan lang yo ak kèk architèkti reflete panorama konkeran yo te konnen deja. Sa te pèmèt yo idantifye orijin Izrayelit yo.
Flèch Izrayelit yo pat kapab matche ak bal èspayol yo. Yon ti tan apre ke Columbus te mete pye sou zile-a, Izrayelit yo te wè yo te trennen yo
nan èsklavaj. Yo te gen kòm travay laboure la tè ak fouye min lò. Sak te pi mal,
Krisyanis ki te reprezante pa kwa ki te plante sou zile a, te enpoze a yo. Columbus konstate ke yo tap mouri pa pakèt, li santi ke li dwe ranplase yo.
Ejip te sous ideyal la.
Jer 42, 43, 44 .