Byenke Izrayelit yo te refize mete yo anba pwotèksyon'l, Gran Mèt pat manke wè ènemi an kap izole yo nan vil Jerizalèm. Se konsa alyans ant pèp Edom yo, Ismaélite yo, Amalek yo, Filistin yo, te recevwa benediksyon Lasiri tou. Se SÒM 83:1-8 ki te revele nou moso istwa sila. Joel 3:6 te bannou temwayaj la ak plis presisyon
: " W te van pitit Jida ak pitit Jerizalèm yo bay pitit Javan yo pou yo ka elwaye yo de tèritwa pa yo."
Wap mande tèt ou san dout siyifikasyon mo Javan-an? Ki moun yo ye?
Mete de kote JEN10:2-5, nou twouve Javan tou nan Revelasyon yo pi èspesyalman nan liv Danyèl 8:21-22 & 11:2, kote yo fè referans a wa peyi la Grès. Li te genyen yon kokenchen repitasyon nan komès pami yon ban lòt nou ka pale de van èsklav. Ejip te pi bon kliyan yo.
Tribi Jida, Levi ak Benjamen ki te chwazi pou retounen nan peyi Ejip olye ke pou yo repanti de peche-yo te vinn yon pwa lou nan komès la. Jer 2:36-37. Se sak fè yo vinn jwen 9 tribi Nò yo nan kontinan Amerik lan ki te gen non Azaret. ESDRAS13:40-48 Konyè-a fòk nou ka idantifye chak grenn tribi yo nan nouvo mond lan daprè pwofil a yo ke JENÈZ 49 &   DETERONOM 33 ban nou.
1 Jakòb fè rele pitit gason l' yo, li di yo: -Sanble non. M'ap fè nou konnen sa ki pral rive nou nan jou k'ap vini yo. 2 Sanble, vin koute non, pitit Jakòb yo! vin koute sa Izrayèl, papa nou, pral di nou.   JEN 49:1-2

ANNOU TANDE PAWÒL SAVAN YO...