FRENCH                                        KONSÈNAN NOU !                                       ENGLISH Nou tout ansanm " PAPA NOU KI NAN SYÈL LA, NOU MANDE POU YO TOUJOU RESPEKTE NON OU. VIN TABLI GOUVÈNMAN OU, POU YO FÈ VOLONTE OU SOU LATÈ, TANKOU YO FÈ L' NAN SYÈL LA. MANJE NOU BEZWEN AN, BAN NOU L' JÒDI A. PADONNEN TOUT SA NOU FÈ KI MAL, MENM JAN NOU PADONNEN MOUN KI FÈ NOU MAL. PA KITE NOU NAN POZISYON POU N' TONBE NAN TANTASYON, MEN, DELIVRE NOU ANBA SATAN. PASKE, SE POU OU TOUT OTORITE, TOUT POUVWA AK TOUT LWANJ, DEPI TOUT TAN AK POU TOUT TAN. AMÈN.  MAT 6:9-13
Mwen te fèt nan vil Gonayv nan ane 1958. Se konsa mwen te abitye ak anpil enstitisyon relijye yo; prezans mwen nan mitan yo se te tou senpleman yon obligasyon sosyal. Yon fwa'm te rive nan Peyi Etazini nan lane 1993, twa evènman ta bay lavi m yon lòt dirèksyon. Mwen vle pale de 2 rèv ak yon emisyon radyo.
Dabò, mwen te wè syèl la louvri ak Pitit gason Bondye a, ki te antoure pa yon gwo niaj, ap desann.
Yon lòt fwa, mwen tande yon vwa ki ban'm sa pou nou fè nan Saba a.
Epi, pou'm fini, se te radyodifizyon de yon konpatriyòt mwen ki deklare'l Izrayelit. Evidamman, koulyè a, pawòl saba a se te chwal batay mwen.
Fòk mwen di tou ke mwen te vinn bon zanmi ak radiomen an. Nou te viv kòm 2 frè ki soti nan menm zantray anplis de sa nou te genyen menm fwa. Malerezman, lyen sa pat dire; nouta menm di li genyen menm sò yon woz, paske, mwen fenk bat zyem, zanmi an te chwazi pou'l pran chemen Sayil la (Samyèl 15:22-27). Dosye sila li nan men Gran Mèt la ki toujou prèt pou padone brebi egare yo.
Kanta desann Kris la, se yon eksperyans mwen ta vle fè je klè.

Mwen pa kapab di mwen konnen sak fè kèk zanmi mwen gen pèfòmans yo nan Sians, kèk lòt nan zafè atistik, kanta mwen se nan sonde ekriti biblik ke mwen wè konpetans mwen. Bib la mwen konnen byen, gras a Grand Mèt. Se sak fè mwen santi'm klè lè map presente ou "Nou Izrayelit Yo". Mwen pa pè pou'm deklare san profane ke si pitit Bondye a se piè angilè legliz , bib la se piè angilè wèb syt sila.(Izayi 8:20)

Mwe pap etone ke kèk pawòl va bay anpil moun labil, choke yo. E yo prèt a kanpe an kwa pou yo konbat sa mwen revele yo. A tout refraktè sa yo, mwen gen yon sèl repons " Se sa bib la revele mwen" Dayè mwen vle konfese ke mwen menm tou te gen sipriz pa mwen lè mwen dekouvri kèk revelasyon. Sa mwen ka di alò ke se an nwa e blan mwen lil nan bib la. Diskisyon vini la! Mwen ta vle siyale pou ou ke mwen pat kontante'm fouye bib la sèlman ...
Mwen souete Gran Mèt la ap akonpaye ou nan ti vwayaj sila ak nou.

Rabelais Destine
Mwen te fèt katolik. A laj de 6 an , manman'm ki te pouse pa yon enpirasyon entwodi nou nan l'Egliz Advantis Setyèm Jou a. Anpil ane pase avan ke mwen mete chapo ba pou maman'm ki te pwan rout sila ak mwen. Se te konsa mwen te tou piti le mwen resevwa entriksyon sou jou Saba a kòm yon jou sakre. Se te premye preskripsyon Gran Mèt la te bay lèszòm. Nou jwen li nan ekriti Levitik yo:
" Chak senmenn nou gen sis jou pou n' fè travay nou. Men, setyèm jou a se jou repo. Jou sa a, piga nou fè ankenn travay. Se jou n'a reyini pou n' fè sèvis pou Bondye. Jou repo a se pou Seyè a li ye. Nenpòt kote nou rete jou sa a, piga nou fè ankenn travay lakay nou. " Lev 23:3
Nan lane 1999 mwen te gen sèlman 12 rekòt kafe nan tèt mwen, lè tout fanmy an kite Ayiti pou etabli yo nan peyi EtaZini. La, mwen pwal kòmanse pa wè mond lan ak yon lespri pi ouvè. Sak te frape'm plis se aspè relijye a, nan konplèksite ak nan jire pit ki nan mitan'l. Mwen te desole lèm konstate ke konpatriyot mwen yo nan peyi lakay pat rekonnèt, jiska jodya, ke enstriksyon yo te resevwa te manipile. E sa te komanse depi lè konkistadò yo tap mete yo anba kòd... Se te konsa yo degaje yo tankou mèt janjak pou yo fè nou pèdi bonjan idantite nou ak tout nasyonalite nou. Se te yon lòt gran sipriz ankò lèm aprann ke tout pèp nwa ak tout latino nan kontinan an te viv menm trajedi sila.

Yon jou konsa, mwen twouve'm rankontre ak kèk predikatè ki abiye ak yon wòb ki gen bòdi'l an franj menm jan enstriksyon an te bay nan Resansman 15:38-39. Mwen pa beswen pale de etonman m dotan pli ke yo deklare tou Saba a kòm jou Sakre. Lè saa, mwen santi'm nan plat mwen, mwen te prèt a tande yo. Yo te konvenk mwen ke yo desandan Izrayelit e ke mwen menm tou mwen fè pati de premye nasyon sila Gran Mèt la te kreye.
Se te konsa vwayaj mwen kòm Izrayelit kòmanse, mwen te renèt. E sèt fwa si se te nan fwa Mèsi Kris la
Mwen dwe avwe ke mwen genyen fèm konviksyon ke se volonte Gran Mèt la ki mete'm nan chemen sila, se sa ki fè mwen senti ke se yon devwa pou mwen, pou'm gide'ou tou!

Michel Paul
ANNOU KÒMANSE TI VWAYAJ LA !