REFERANS BIB LA |
DETERONÒM 33:13-17 |
13 Men sa li di pou branch fanmi Jozèf la: Se pou Seyè a beni peyi ki pou yo a. L'a voye bonkou lapli sot nan syèl la, l'a fè sous dlo pete toupatou.
14 L'a fè pyebwa ki donnen chak lanne bay bon rekòt. L'a fè pyebwa ki donnen chak sezon bay bon fwi.
15 L'a fè vye mòn yo bay bèl rekòt. L'a fè vye tè mòn yo bay pi bon manje ki genyen.
16 L'a fè tè yo a bay tout kalite bon rekòt. Bondye ki te pale nan touf raje a va ba yo favè l'. Se pou tout benediksyon sa yo tonbe sou tèt Jozèf, paske nan tout pitit papa li yo, se li menm yo te chwazi.
17 Li byen kanpe tankou premye pitit yon towo bèf. L'ap gen fòs kouraj yon bèf savann. L'ap bat tout pèp ki sou latè ak kout kòn, l'ap kouri dèyè yo jouk nan dènye bout latè. Wi, se sa tout milyon moun Efrayim yo ak tout kantite moun Manase yo pral fè.
| JEN 45:5 |
5 Men koulye a, nou pa bezwen boulvèse. Nou pa bezwen règrèt nou te vann mwen pou yo mennen m' isit la.
Se Bondye ki te voye m' devan pou m' te ka sove lavi nou.
| JEN 48:17-20 |
17 Men Jozèf pa t' kontan lè li wè papa l' te mete men dwat li sou tèt Efrayim. Li kenbe men papa l' pou l' wete l' sou tèt Efrayim pou l' mete l' pito sou tèt Manase.
18 Epi li di papa l': -Se pa konsa, papa. Men pi gran an bò isit. Mete men dwat ou sou tèt li.
19 Men, papa a derefize. Li di l': -Mwen konnen, pitit mwen, mwen konnen. Manase tout ap vin yon pèp. Li menm tout l'ap grannèg. Men, ti frè l' la pral pi grannèg pase l'. Pitit li yo pral vin anpil nasyon.
20 Jou sa a, li beni yo, li di: -Nan peyi pitit pitit Izrayèl yo, lè y'ap bay benediksyon, y'a nonmen non nou. y'a mande pou Bondye beni yon moun menm jan li te beni Efrayim ak Manase. Se konsa li te mete Efrayim anvan Manase
    RETOUNEN NAN JOZÈF
| DET 28:58-64 |
58 Si nou pa swiv tout regleman ki ekri nan liv lalwa sa a, si nou pa gen krentif pou Bondye nou an, Seyè ki gen anpil pouvwa a, Bondye moun fèt pou respekte a,
59 Seyè a va voye gwo malè sa yo sou nou ak sou pitit nou yo, l'a voye gwo epidemi ki pa tande rete, move maladi ki pa konn renmèd.
60 L'a voye sou nou ankò tout malè ki te tonbe sou moun peyi Lejip yo, malè ki te fè nou tranble yo. Nou p'ap janm ka soti anba yo.
61 Sa ki pi rèd ankò, Seyè a va voye sou nou tout kalite epidemi ak maladi yo pa pale nan liv lalwa Seyè a jouk la fini nèt avèk nou.
62 Epi nou menm, moun pèp Izrayèl yo, ki te anpil tankou zetwal ki nan syèl la, n'a tounen yon ti ponyen moun, paske nou pa t' koute sa Seyè a, Bondye nou an, te di nou.
63 Menm jan Seyè a, Bondye nou an, te pran plezi pou l' te fè nou byen, pou l' te fè nou vin anpil la, se konsa tou l'a pran plezi pou l' fè nou pèdi tout bagay, pou l' fini nèt ak nou. L'a rache nou met deyò nan peyi kote nou pral antre a, peyi nou pral pran pou nou rete a.
64 Seyè a va gaye nou nan mitan tout nasyon ki toupatou sou latè. Lè n'a rive la, n'a sèvi lòt bondye ni zansèt nou yo, ni nou menm nou pa t' janm tande pale, zidòl fèt an bwa, zidòl fèt ak wòch.
RETOUNEN NAN JIDA
-------- NAN LEVI ---------
NAN BENJAMEN
|
|