EGZOD 12
1 Antan Moyiz ak Arawon te nan peyi Lejip la, Seyè a di yo: 2 -Se mwa sa a k'ap premye mwa pou nou nan lanne a. Se limenm k'ap anvan tout lòt mwa yo. 3 Pale tout moun pèp Izrayèl la. Di yo: sou dizyèm jou mwa sa a, n'a pran yon ti mouton pou chak fanmi, tande byen wi, yon ti mouton pou chak kay.
EGZOD 13
4 Se jòdi a, se jou sa a, nan mwa Abib la, n'ap soti kite peyi Lejip.
ENOK 72:1-37 Vèsyon Kreyòl sila se koutwazi "NOU IZRAYELIT YO"
LWA SOLÈY LA
1. Liv chanjeman limyè nan syèl la, yo chak menm jan yo ye dapre kalite yo, chak dapre pouvwa yo ak nan tan yo, chak dapre non yo ak kote yo fèt, epi selon mwa yo; se tout sa ke Ouryèl te montre m, se li ki te avèk mwen, se yon zanj ki apa pou Bondye, se li ki gid yo tou; Apre sa, li fè m' wè tou sa ki ekri sou yo, jan'l ye, nan tout ane mond nap viv la jiska letèrnite, menm nan nouvo travay ki dwe fèt e ki pral rete vivan jiska letèrnite.
2. Me premye lwa limyè yo; limyè solèy la: li leve nan pòtay nan syèl la ki sou bò oriyan an, tandiske kouche'l fèt nan pòtay yo, nan syèl la ki nan bò oksidan an.
3. Apre sa, mwen wè 6 pòtay yo se kote solèy la leve ak 6 lòt pòtay yo kote solèy la kouche. Lalin lan tou li leve epi li kouche nan pòtay sa yo, tou kòm gid zetwal yo ak moun kap mennen yo. Gen 6 (pòt) sou bò solèy leve ak 6 nan lwès la, yo tout te plase youn apre lòt an bon òd. te gen anpil fenèt nan bò dwat tou kòm nan bò gòch de pòt sa yo.
4. Pi gwo limyè a gen pou non solèy; li leve an premye, òbit li tankou òbit syèl la, epi li plen ak yon dife kap bay limyè ak flame.
5. Van an soufle sou tank la kote'i monte-a; epi soley la al kouche lè lap kite syèl; li tounen nan nò ankò poul pren dirèksyon oriyan; epi li te fèt konsa poul antre nan pòt ki asiyen a li poul lal briye ankò sou tout figi syèl yo. la ak li se jiska nan nò a pou yo ale nan bò solèy leve a, epi li se fèt konsa tankou antre nan pòt la (ki li asiyen) ak klere (ankò) sou figi a nan syèl la.
6. Se konsa, li leve nan premye mwa a nan gran pòtay la ; epi li leve nan katriyèm lan nan tout sis pòtay yo, ki sou bò orian an.

7. Nan katriyèm pòt sila, kote solèy la soti nan premye mwa a, gen 12 fenèt ki louvri, se la ke yon flanm dife soti lè yo louvri nan tan yo.
8. Lè solèy la leve nan syèl la, li sòti nan 4yèm pòt la pou 30 maten, epi se nan 4yèm pòt nan direksyon wès nan syèl la, li vini desann regilyèman.
9. Lè sa a, jounen an pi long ke jounen ki sot pase a. tou kòm nwit la pi kout ke nwit anvan pou 30 maten.
10. Lè sa a, li long pase nwit la nan 2/9; jounen an gen egzakteman 10 pati (9yèm), alò ke nwit la se egzakteman 8 pati li genyen.
11. Apre sa, solèy la leve nan katriyèm pòtay sila a , epi li kouche nan katriyèm lan, epi li tounen nan senkyèm pòt la sou bò solèy leve a pou 30 maten, epi li leve nan pòt sila epi lal kouche nan 5yèm pòt la.
12. Lè sa a, jou a te pi long pase 2 pati, jou a gen alò 11 pati; nwit la te pi kout epi li genyen 7 pati.
13. Li retounen an oriyan epi li antre nan 6yèm pòt la; se konsa solèy la leve epi li kouche nan sizyèm pòt la pou 31 maten, akòz siy li.
14. Lè sa a jou a pi long pase lannwit la, jou a de fwa nwit la, jou a gen 12 pati; lannwit lan pi kout ak 6 pati sèlman.
15. Apre sa, solèy la leve pou ke jou a vin pi kout epi nwit la pi long; se konsa solèy la retounen sou bò oriyan; lè sa li antre nan sizyèm pòt ; e se la li leve ak kouche pandan 30 maten.
16. Lè 30 maten yo fini pase, jou a diminye pa egzakteman yon pati, ki donk jou a gen 11 pati tandiske nwit la gen 7 pati.
17. Apre sa, solèy la soti nan Oksidan nan 6yem pòtay la, de la li pran chemen oriyan epi li leve nan 5yèm pòt la pandan 30 maten epi li kouche nan oksidan ankò nan senkyèm pòtay la (sik),
18. Nan moman sila, jou a desann 2 pati; li vini alò 10 pati tandiske lannwit lan gen 8 pati.
19. Apre sa, solèy la leve soti nan 5yèm pòt la epi l'al kouche nan 5yèm pòt oksidan an poul leve nan 4yèm pòt la parapòt siy li pandan 31 maten epi l'al kouche nan oksidan,
20. Nan tan sa a jou a egal lannwit. yo te gen 9 pati chak. (Ekinoks)
21. Solèy la leve nan pòt sila epi lal kouche nan oksidan, epi li retounen nan oriyan, li leve nan 3yèm pòt pandan 30 maten, epi li kouche nan oksidan nan 3yèm pòt la .
22. Lè sa a, lanwit la pi long pase lajounen an, nwit sila tou te pi long pase nwit anvan, tou kòm jounen te pi kout pase jounen anvan jouk nou rive nan 30yèm maten, Lannwit la gen 10 pati egzakteman, alò ke jounen an gen 8 pati.
23. Apre sa, solèy la leve nan 3yèm pòt sila epi la'l kouche nan 3yèm pòt nan oksidan, epi li retounen Oriyan, se la solèy la leve nan 2yèm pòt nan oriyan pandan 30 maten, epi li menm kouch nan 2yèm pòt nan oksidan nan syèl la.
24. Lè sa a, nwit la gen 11 pati, alò ke jounen an gen sèt.
25. Apre sa, solèy la leve nan 2yèm pòtay sila, epi la'l kouche nan oksidan nan 2yèm pòt tou; lèsa a, li tounen nan oriyan nan 1e pòt pou 31 maten. epi li kouche nan 1e pòt nan oksidan nan syèl la. 26. Lè sa a, nwit la vinn pi long epi li fè 2 fwa yon jounen, koulyèr lannwit lan gen 12 pati egzakteman alò ke jounen an gen 6 pati. 27. Se konsa solèy la te fè pakou sèksyon 'l yo, epi yon lòt fwa ankò li vire sou seksyon sa yo, li antre nan tout pòt li yo pou 30 maten, epi li kouche nan oksidan nan rejyon yo koresponn lan. , , 28. Lè sa a nwit la diminye 1/9yèm nan longè'l, [ki vle di nan yon pati] alò nwit la gen 11 pati konpare ak jounen an ki gen 7 pati. 29. Nan tounen'l solèy la antre nan 2yèm pòt nan oriyan, lap repran rout sèksyonl yo pou 30 maten, li leve epi li kouche . 30. Nan moman sila, nwit la diminye nan longè, li gen 10 pati alò ke jounen an gen 8. 31. Lè sa a, solèy la leve nan 2yèm pòt la epi li kouche nan oksidan , epi li retounen nan oriyan, li leve nan 3yèm pòt la pou 31 maten, epi li kouche nan oksidan nan syèl la. 32. Se nan tan sa a, nwit la diminye, li vinn 9 pati tou kòm lajounen. Yo egal epi ane-a gen egzakteman 364 jou. (Ekinoks) 33. Longè lajounen kou lannwit ak souf kout lajounen kou lannwit pa menm. Sa explike nan chemen solèy la. 34. Se poutèt sa kous li dire pi lontan jou apre jou tou kòm li pi kout lannwit apre lannwit. 35. Me la lwa a ak kous solèy la ak retounen li yo. Se 60 fwa li retounen epi li leve. Gwo limyè sa a ki te rele solèy la pou tout tan. 36. Ak sa ki vini leve gen limyè a la pi gwo; e li te nonmen kòm pwòp li yo 36. Et ce qui se lève, c’est le grand luminaire ; et il est nommé selon sa propre apparence, comme l’a ordonné (YHWH). 37. Comme il se lève, ainsi il se couche, et il ne diminue ni ne se repose, mais il court le jour et la nuit, et sa lumière brille 7 fois plus que celle de la lune, mais les dimensions des deux sont égales. (vue de la terre)
    TOUNEN NAN FÈT YO  --OUBYEN--  NAN TAN AN